Pa gen peyi San patriyòt pa gen jenès aktiv San “IMPACT” parce que “🎤😩🎺C’est nous jeunesse étudiante,
C’est nous les grands, nous les petits,
Demain la gloire d’Haïti
Les cœurs joyeux, l’âme fervente,
Toujours en avant nous irons,
La tête altière et haut les fronts...🎷 🇭🇹
Estati ewo yo se moniman memoryal istorik de brav esklav ki te batay pou bout tè sa, lè yo rete sal li otomatikman yon banalizasyon de tout sakrifis yo te fè.
@MarieLourdesTrott Depi aprè bis la te fin kraze Kyòs la nou tap swiv dosye sa metikilezman, nou Trouve li inakseptab pou Milo gen tout atraksyon touristik sa pou 8 mwa aprè pou ou kite Kyòs la nan eta sa. Nou aprann mèt bis la ki te kraze kyòs la te dedomaje espas la
Jèn Milo yo te profite okazyon fet batay vètyè a Pou yo te lanse kanpay netwaj nan nouvo batiman lekol pwofesyonel la ki pa janm sèvi 10 an aprè inogirasyon li, nan menm sans yo fè apel ak #INFP pou pran mezi nesesè prese prese Pou batiman lekol sa kapab itil kominote a
Nou Mande pou leta founi zye sou lekol pwofesyonel Milo a ki te inogire an 2016 ki abandone. Espas la tounen katye jeneral Chen fil arènye sèvi rido, fatra menm ap ravitaye andan an. @INFP@raphelbelizaire
Anba zye @ISPANHaiti k ap espere pwojè pou fè netwayaj tonbe lakoz eta salibrite palais sans souci rive nan nivo ki plis kritik la. Nan sans anpil sitwayen aktif nan Kominote a oblije oganize yon kanpay netwayaj jodi dimanch 23 jen 2024 la pou sove vizaj patrimwàn mondyal sa.
Nou denonse ak tout rigè disparisyon San esplikasyon 2 Kanon bronz nan sitadel la.
Nou Mande eklèsisman prese prese sou disparasyon 2 kanon bronz sa yo.
Nou mande ISPAN pou founi kominote a bon Jan enfomasyon sou disparisyon 2 kanon sa yo.
@MorenoRealest Moun sa yo te chwazi fè job ak dosye lajan petro karibe olye yo te fè yon mouvman pou kraze sistèm nan, yo te mete yo o sèvis yon franj ki te manje Kob la kont yon lot franj
Moun Milo sonnen lanbi alèt la nan lide pou @FNE founi je sou travay reyabilitasyon lekol nasyonal aplikasyon Milo. Travay yo kanpe yon bout tan pa bay posibilite pou lekol la byen fonksyone.