Ou chita la wap griyen dan, wap pèdi tanw menw genlè bliye ki laj ou gen sou do bwa tèt ou🤔🤔 🤔
Ou bliye ti pwovèb sa mache chache pa dòmi san soupe 💯💯
Ebyen si wap tann lamann tonbe u deja chire 😒
Nan nenpòt sikonstans lan, wap toujou jwenn yon moun prezan pou ou zanmim, paske zèv ou konn fè yo ap vin jwenn ou otomatikman 🙌
Kisam vle diw pala zanmim se kontinye fè byen tout otan ou kapab paske lèw fè byen se yon semans de deblokaj ou simen sou laviw ak fanmiw 💯💯💯💯💯
Kite mele'm ou ale kitem, bon mwen konn wout la. Sèlman bat pouw pa pèdi ⚠️
Poum pa pase ale kitew 😇😇
NB: Se yon fason poum diw zanmi pa janm eseye presipite nan lavi a. Pitow avanse janw kapab, paske destinasyon an se li menm ou dwe genyen kòm objektif ou .
Ayisyen ki ap viv USA yo ap priye pou Donald Trump pa bon nan eleksyon ki pral fèt la. Tandiske ni ayisyen ki ap viv sendomeng yo ap priye pou luis abinader pa tounen prezidan ankò.
Paske si de nèg sa yo tounen re prezidan ankò konnen nou mele 🤔
Pwoblm pap janm fini pou nou 😒
Depi madanm ou pase yon kote, mesye yo pa vire gadel 🫨 zanmi kwèm siw vle, ou mèt al remèt li nan jeyès. Paske gen yon bagay li pa genyen 🤣
Paske jenès maskilen an, pran feeling nan pran ti jòf yo 🫣
Ki pi gwo souvni ou pap janm bliye lèw te timoun 👇👇
🔶️Pote bag nan maryaj 👰♀️🤵
🔷️Al pase vakans ou andeyò 🏞
🔺️Lekòl 🏢
💠Jwèt manman ak papa 😃😍
🔹️Lago kache 🏃♀️
Ou pa remake, gen de bèl foto 🤳 lèw post yo. Kèlke minit après telefòn ou, konn prèske kraze avèk mesaj. Daprè ou menm🤔 kiyès ou konnen,ki konn ekriw lè konsa pami twa moun sa yo ?
1) Ansyen mennaj ou 😳
2)Ipokrit 😔
3)Enkoni 🙄
Jwenn bon repons lan ✅️