Un nouveau projet de loi pour permettre aux afro-descendants du Bénin d'obtenir la nationalité de leur origine. Cependant ces afro-descendants qui souhaitent obtenir la nationalité béninoise ne peuvent travailler dans l'administration publique
Ti moso Listwa
24 avril 1966, anperè peyi Éthiopie a, Hailé Selassié 1er, desandan wa Salomon ak rèn Saba, vizite Ayiti. Se te yon gwo evenman. Nan okazyon sa a te genyen anpil pase men ki te fèt nan kapital la pou akeyi otorite a.
Anpil moun ki jodi a fè « dread » nan tèt yo pa konnen si ke se tras mesye sa a ke yo swiv, li menm ki te chwazi pratike, an pati, sa ki ekri nan bib la, nombres 6. Pa koupe cheve a se yon pati nan yon pratik ki gen pou wè ak « naziréat ». La a ankò, w ap jwen anpil moun ki ap frekante legliz pwotestan ki di w yo se « nazaréen », ki panse ke se yon mo ki derive de Nazareth men ki genyen yon lòt siyifikasyon.
Se yon moun ki chwazi, pandan yon tan, konsakre lavi l a la priyè. Nan peryod sila a li pap koupe ni bab ni cheve l, li pap manje vyann, ni li pap antre nan relasyon fanm ak gason. Lè tan li te deside pase nan « voeux » sa a fini, li pwal nan tanp la kote pè a va òganize yon seremoni avèk ofrann zanimo, ki va libere l.
Yon bann ak yon pakèt konpatriyòt toujou ap repete ke yo se rastaman men yo pa konnen ke ekspresyon sa a sòti nan non Haile Selassie.
Anvan li te vini anperè, li te yon prens. E anvan li te pote tit anperè a, se non paran li te ba li ke yo te konn itilize. « Ras » siyifi prens nan lang etyopyen (amharique) yo pale e bon non li se Tafari Makonnen. Donk lè Bob Marley di Ras Tafari se non anperè a li site. Anpil nan bèl pawòl ke nou konn tande nan mizik Bon Marley yo se diskou ke Haile Selassie te ekri.
« La petite histoire » rakonte ke vizit anperè a an Ayiti pat yon vizit konsa konsa. Sa rantre nan kad blag, lodyans, men li toujou enteresan pou n tande sa moun ki te viv anavan nou rapòte, menm si ni nou, ni yo pa ka pwouve yo.
Li pa yon sekrè pou pèsonn ke anperè a pa manje vyann. Men and women bon mistik li kontakte papa doc pou li anonse ke lè l rive an Ayiti, l ap manje vyann. A kondisyon fòk vyann bèt y ap ba li manje a pa ni mal ni femèl.
Papa doc, ki li menm tou te granmoun nan tout kò li, reponn konsa : mwen pare pou m sèvi w sa w mande a. A kondisyon lè w ap vini an li la sipoze ni lajounen ni lanwit.
Toujou sou menm ribrik lejann sa yo, yo di ke Haile Selassie te vini Ayiti avèk lide pou li ale nan Grande-anse, kote ke yo sispèk ke « l’arche de la connaissance » (Pierre philosophale) ta twouve l. Moun ki ta jwen sa a t ap genyen yon konesans epi yon pouvwa ki pa gen fwontyè.
Jou pou anperè a ta ale a, li gen yon ti chen ki toujou nan men li, ti chen an pèdi nan palè nasyonal. Sa te pwan anpil tan pou jwen li, jiskaske pwojè ale nan Grande-anse la kraze.
(Sa a se pa yon levanjil. Se jis istwa ke granmoun rakonte.)