Pa kite presyon jodi a fè w bliye valè w.
Tou sa w pa rive fè jodi a, ou ka toujou travay sou li demen. Respire, kenbe fèm, epi sonje chak pa w fè mennen w pi pre objektif ou. 💪🏽✨
Mpa konn Kiyès ki bezwen tande sa, men pa kite pyès moun konplekse w pou nenpòt travay wap fè ki onèt, paske se menm moun sa yo ki pral ede pataje foto w si w tonbe nan Vòlè, se menm yo mem ki pral imilye w si w lage nan mande yo.
Pa gen yon metye ki dezonè! Pa gen yon sèvis wap ofri ke moun bezwen ki dezonè!
Tout sak ka rantre on pwofi pou ou, depi l pa enkli touye moun, gang, kraze peyi, detwi lòt moun FÈ L ak fyèté tande!
Fè l ak kouraj epi fokis.