Avni Ayiti pa pou mondyalist yo. Avni Ayiti se pou patriyòt ayisyen yo. Pa gen okenn lòt nasyon kap retire Ayiti nan sal ye la, se Ayisyen ki dwe pran desten yo an men. Depi swadizan otorite Ayisyen yo pa renmen Ayiti, yap toujou nan koniflèt ak blan pou detwi l.
Nou dwe sispann fè repiblik Pòtoprens, Se repiblik Ayiti poun fè. Li lè li tan poun desantralize peyi a, Sou 10 depatman gen 9 ki gen lanmè, Bato gaz paka akoste Pòtoprens selman. Leta dwe kreye moyen pou 9 depatman sa yo kapab stoke gaz.
Ann fè peyi, pèp la soufri twòp.