Okenn fanm pa pami 11 kandida ki deja enskri pou eleksyon prezidansyèl 13 desanm yo nan KEP a, jiska 30 septanm 2026 la. Enskripsyon yo ap bout 9 oktòb kap vini an.
Nan dezyèm jou pwosè Christian Emmanuel Sanon an Etazini, Martine Moïse site ansyen senatè Antonio Cheramy « Don Kato ». Li raple yon deklarasyon li te fè : « Lè yon opozan kanpe li di, 18 novanm sa a, se dènye 18 novanm Jovenel ap wè, sa montre li te konnen yon bagay. »
Komisè Gouvènman Miragwàn nan, Jean Ernst Muscadin enrejistre mèkredi 30 septanm 2026 la kòm kandida pou Prezidan anba banyè FCN. Menm jou a, pati a enskri pwofèt Markinson Dorilas kòm kandida Sena nan Lwès.
Ekaterina Koroleva, yon abit amerikèn, pral dirije match Ayiti kont Repiblik Dominikèn nan, jedi 1ye oktòb, nan Santo Domingo. Konpatriyòt li Felisha Mariscal ak Kali Smith pral asiste l, pandan Gwatemaltèk Sergio Armando Möller ap sèvi kòm katriyèm abit.
Dapre enfòmasyon Clin d’œil pibliye, pwojè bidjè nasyonal la ta dwe prezante nan Primati mèkredi 30 septanm 2026, a 8è nan maten. Bidjè a evalye ak anviwon 440 milya goud. Yon Konsèy minis anonse pou 3è apremidi pou egzamine pwojè sa a.
Biznismann ayisyen Gilbert Bigio mouri madi 29 septanm 2026, nan Florid, a laj 91 an. Ansyen prezidan GB Group, te pase plizyè dizèn ane nan tèt sektè prive ayisyen an. Dapre pwòch li yo, fineray li ap fèt jedi 1ye oktòb nan Hollywood, Florid.
Nan yon kominike ki parèt madi 29 septanm 2026 la, Meri Akayè a entèdi nenpòt moun oswa òganizasyon kolekte taks,frè oubyen kontribisyon nan men machann Mache Bannann nan san otorizasyon ofisyèl jiska nouvèl òd. Konsèy Minisipal la anonse mezi pou reprann kontwòl espas piblik la.
Konsèy Sekirite Nasyonzini pwolonje madi 29 septanm nan manda @GSForceHaiti ann Ayiti jouk 31 mas 2027. Rezolisyon an jwenn 12 vòt pou, okenn kont, pandan Lachin, Pakistan ak Larisi fè pa vote . Desizyon sa a pwolonje prezans fòs la pou sis lòt mwa ak misyon pou kraze gang yo.
Etazini : Yon etid Institute for Family Studies (IFS) reyalize montre 30,4 milyon gason ki gen 18 rive 39 an selibatè. Chif sa a mete aksan sou chanjman nan maryaj, relasyon ak kondisyon ekonomik k ap make lavi jèn gason Etazini.
Pliske yon dizèn moun mouri lendi 28 septanm nan seksyon kominal Moulin, nan Gwomòn nan depatman Latibonit, apre yon atak ame gwoup gang Kokorat San Ras . Atak la vini apre echèk yon operasyon FRG kont gwoup la nan zòn Ti Bwadòm.
KEP a raple kanpay elektoral la poko kòmanse. Dapre atik 193 Dekrè elektoral 2 jen 2026 la, se enstitisyon an ki gen responsabilite fikse peryòd kanpay la.KEP mande pati politik, gwoupman ak kandida yo respekte dispozisyon legal yo pou prezève yon klima elektoral ekitab epi kalm.
Pastè Christian Emmanuel Sanon plede non koupab lendi 28 septanm devan yon tribinal federal Ozetazini, nan kad dosye asasina prezidan Jovenel Moïse la.
Konsèy Minisipal Akayè a denonse prezans yon gwoup nèg ak zam nan mache a, ki vle pran kontwòl espas la epi teworize machann yo ak popilasyon an. Otorite kominal yo mande kalm epi anonse dispozisyon, nan tèt kole ak PNH ak otorite jidisyè yo, pou retabli lòd, sekirite ak lapè.
Ansyen entènasyonal Ajanten, Mauro Icardi jwenn entèdiksyon pou kondi an Ajantin jiska 2099, dapre Ministè Transpò pwovens Buenos Aires. Desizyon an vini apre yon videyo kote konpay li parèt nan yon pozisyon danjere pandan machin nan t ap sikile.
Konsèy Minisipal Akayè a, eksprime solidarite li ak Léonard Tout-Puissant« Izolan », epi mande otorite konpetan ansanm ak sosyete sivil Okap pou pran dispozisyon apwopriye pou garanti sekirite li, pwoteksyon li ak dwa li pou mennen aktivite li legalman.
Dosye Jovenel Moïse : CSPJ denonse transfè 18 moun ki te anba kontwòl jistis ayisyèn pou ale Etazini. Konsèy la estime mezi a soulve kesyon sou endepandans jistis la ak respè pwosedi legal yo nan kad ankèt la an Ayiti.
Pewou:Kandida pou gouvènman rejyonal Áncash, Susy Aponte Polo, alyas «La China Polo», mouri anba bal nan Caraz pandan yon aktivite kanpay.Twa moun arete nan ankèt la. Lajistis ap chèche klarifye sikonstans asasina a ak idantite posib kòmanditè krim nan, anvan eleksyon 4 oktòb la.
Ansyen prezidan Michel Joseph Martelly enskri kandidati li anliy, madi 22 septanm 2026 la, anba banyè DEBLOKE. Demach sa a mete non li pami pretandan k ap chèche patisipe nan eleksyon prezidansyèl ki pwograme pou 13 desanm 2026 la.
Mezon Blanch lan lanse « Trump TV », yon difizyon 24 sou 24 sou YouTube. Inisyativ la pran nesans nan yon moman tansyon ap ogmante ant administrasyon Donald Trump lan ak plizyè medya ameriken tankou @CNN sou aksè yo ak aktivite prezidansyèl yo.
Joseph Félix Badio ak 17 ansyen sòlda Kolonbyen yo transfere Etazini, malgre yon òdonans jij enstriksyon Jean Denis Cyprien te rann 15 septanm, ki te entèdi deplasman yo san otorizasyon li.