GEN BAGAY SIW PA GENYEN GEN ZANMI OU PAP KA GENYEN
PÒV PA GEN FANM
PÒV PA GEN FANMI
SI E SELMAN SI YO TA KANPE AVEW DEPI A LA BAZ
PA GEN FANM KI PA RENMEN ALÈZ
TOUT PASYANS GEN LIMIT
TRAVAY POU SOTI TÈT OU APRESA WA SOTI LÒT MOUN
PA BLIYE LÈW RENMEN TÈT OU SE YON FÈ NÒMAL
Pretann ou renmen m , m respekte sa !
Men aprè lanmou poze tet ou kesyon kisaw ka ofrim ke m paka bay pwop tèt mwen ?
Kisaw ka aprann mwen ke mpat konnen?
Kisaw ka pote de nouvo ke m pat genyen?
Pou mwen se sak rele renmen
Travay sou tèt ou pou fè kòw tounen temple ou 🧘🏾
Travay dur pou fè lajan nan pòch ou tounen pouvwaw
Fè lwayotew tounen tout kredi yon moun te ka fèw
Fè lanmouw tounen rezon ki fè tout moun vle viv bo kotew
Paske kelkeswa longè nwit lan te ka ye solèy ap toujou leve 🌞
Lèl santi wanvi metel twò wo li pral pasew anbya pye pandan ou menm tout saw vle se metel sou on pyedestal
Moun ki vlew lan ou wè sa tou natirèl.
Vrè lanmou pa gen konplèks !
Sispann redwi enpòtans ou nan bay moun plis valè ke sa yo vo.