Pa jan’m kite moun mennen lavi’w
Pa jan’m kite moun ap fòse’w fè
yon bagay ki pap bon pou ou paske……
Demen se pou ou echèk la ap ye
Se pa pou li 👂🏽💯🙌🏽
Apran’n deside pou tèt nou👍🤷🏽♀️
Sispan’n kite moun deside pou nou👎👎
Jovnel antere jodia a wi mesye nou satisfè? Kijan nou santi nou lè n’ap gade timoun li yo ak madan’m li ? Nou rache’l, tire’l apre,Mezanmi nèg anlè a pap dòmi non, franchman dlo koule nan yeux’m lè m’ap gade foto fanmi an maten an kouraj madame Moise lage batay sa nan men letènèl
Anpil moun tout otan yo pa gen aksè avè’w yo fè foli pou ou, kou ba yo yon ti espas yo bliye si se te tout rèv yo, pou yo te fè yon ti chita bò kote’w , se pa a tout moun pou kouri alèz.
Yon ti bo sou bouch li epi fikse’l dwat nan yeux’l di’l jan ou renmen’l sifi pou’l sispan’n pale anpilll 🙂mesye yo medam yo renmen sa🥰 lè medam yo ap pale pou yon bagay nou fè, sispan’n kanpe tèt pou tèt avèk yo👀men sa pou nou fè🙈