Kite LAKAY ou pou’w pran LARI epi RETOUNEN lakay ou an BYEN, se yon nan pi gro BENEDIKSYON ke nou plis INYORE...
Pa janm sispann di BONDYE mèsi pou chak SEGONN nan LAVI’w! 🙌🏾
Franchman ayisyen pap sispann enpresyone m
Wal pran on pwen kay djab pran on pwen ki enterese
Le swa transfome an lyon,tig, dinozò,dragon😄😄😄
Men moun nn chwazi pran pwen chat saw ka fe antanke chat🤦🏾♂️🤦🏾♂️🤦🏾♂️ a grangou sa ou k ap pase la on vagabon kwaze w li kwit ou😭😭😭
Piga’w janm eten’n limyè’w pouw fè moun plezi, jis paske’w pa vle kitel nan fènwa poukò’l,
Paske pandan’w nan fènwa avèl, lap veye nenpòt okazyon li jwenn poul klere tèt li lap kite’w..!
Fè kòmsi sa kap pase nan peyi a enteresew, fè komsi ou endiye, fèl pou lafòm, pou la galri, fèl paske moun yo bezwen konnen yo pa poukont yo. Fèl paske nou se moun. De tout fason grenn bal paw, kidnapping paw sere se jis yon aza ki fèw poko viktim #MounMatisanSeAyisyenTou
Si Matyas te bloke , boule kawoutchou , nou t ap di l konn kote Jovenel ye poukisa li pa ale la
Li ale... N ap plenyen pou flè pandan moun yo mouri pou anyen, paske aprè 10 zan nou vin pi mal!
Sa vle di sa k te pase a malgre tout tristès li te pote pa ede n avanse...🤦🏽♂️
Cher moun Fesbouk , m konnen Nou svp gade byen Li byen avan Nou antre anba twit mwen. Wi Nou ka swiv paj Rutshelle pa gen problem m’en vinn di betiz oubyen bagay San sans Nou yo pa pou paj sa. Merci la direction ✌️