@Tmener11 M ap chwazi PSG.
Konnya kesyon m pou ou.
-Konnya èske Milan se yon “TI EKIP” devan PSG (menm nan moman).
-Èske si m di timoun mwen an al nan Milan se tankou se nan dezyèm divizyon m di l al jwe?
@AngelotStVil Mezanmi bro! Epi on bèl ti deba foutbòl ankò wi.
On dal moun ou panse ki ta dwe pran rekil se yon ki k ap vide depi se lojik atè san eseye konprann.
Yè yon dal ekspè prèske fè yon jounen ap kalonnen Pepe m ap parye pou Brezil pèdi anfas Ayiti pifò nan yo pa al gad emisyon an pou yo wè kontèks kote ti bout koupe lage a soti.
Jodia m deside al gad tout emisyon an. M fini pa konprann nou se yon pèp ki tou natirèlman malonèt.