Nou nayif. Nou twò santimantal. Nou kwè nan bèl pawòl plis pase nou kwè nan aksyon.
Lè se moman pou nou aji, nou rete ap tann pwomès. Men, nenpòt ti pawòl ki touche emosyon nou ka fè nou reyaji san nou pa menm pran tan reflechi.
Nou bliye twò fasil. Nou padone san nou pa mande kont. Nou kite menm moun yo twonpe nou plizyè fwa, paske nou toujou pare pou nou kwè sa nou anvi tande, olye nou chèche konprann sa k ap pase toutbon.
Se konsa yo manipile nou. Yo konnen ki pawòl pou yo di, ki emosyon pou yo touche, ki espwa pou yo vann nou.
Pi gwo pwoblèm nou se pa paske nou pa konprann. Se paske twò souvan, nou pa vle konprann sa ki pa fè nou plezi.
~ Carel
Manger dans un restaurant salvadorien, faire ses achats dans un commerce de la communauté, prendre le temps de discuter avec les propriétaires.
Pour des Haïtiens de la diaspora, ces gestes sont aussi une façon d’exprimer leur reconnaissance pour le soutien apporté à Haïti par le gouvernement de Nayib Bukele.
Au fil de ces rencontres, le lien entre les deux communautés se tisse dans la vie de tous les jours.
🌎https://t.co/Z2kW0swxrs
Ann leve kanpe pou n montre solidarite nou ak prezidan Bukele !
Madi 17 novanm, se pral mobilizasyon jeneral pou n di prezidan Nayib Bukele 🇸🇻 kontinye ede nou nan batay kont gang yo.
✊🏿🇭🇹
Ti tablo chinwa 🐜🐜🐜🐜🤗
Ever since the first time I heard Picasso by Wendy, I knew I wanted to make some sort of visual art piece, commemorating it. As a painter and a Rap Kreyol fan it was so nice to me to hear lyrics that refer to my artistic medium and show an understanding of how my world works. When I saw this frame in the studio the other day, I thought it would be perfect to re-create the album cover as a real painting.
Ou gen dwa pa dakò ak metòd Bukele yo. Ou gen dwa enkyete w pou lavi inosan ki ka viktim nan operasyon kont gang yo. Se yon enkyetid ki lejitim.
Men, lè w ap denonse risk pou inosan viktim nan operasyon sa yo, pandan w pa janm mande bandi yo depoze zam, rann tèt yo epi sispann teworize popilasyon an, ou aji an pwotektè bandi. Ou nan gang nan tou.
Lavi inosan yo pa sèlman an danje lè fòs sekirite yo ap fè operasyon. Depi lontan, se chak jou gang yo ap touye, kidnape, vyole, dechouke moun lakay yo epi simen laterè nan mitan popilasyon an.
Yon moun oswa yon enstitisyon k ap pran lapawòl, k ap pibliye kominike nan non pwoteksyon lavi inosan, ta dwe gen menm fòs ak menm detèminasyon pou denonse egzistans ak zak gang yo, pou mande yo depoze zam, rann tèt yo epi reponn devan lajistis pou krim yo komèt.
Ou pa ka fè pwoteksyon lavi inosan tounen yon prensip ou defann sèlman lè se operasyon kont gang yo k ap fèt.