Ou toujou la pou mwen
Lè tout bagay parèt nwa
Ou se limyè mwen
Lè m gen pwoblèm
Ou se sèl solisyon
Lè tout moun vire do banmwen
Ou toujou pranm pou sere m nan bwa w
di m lavi pa fini
Chak fwa m vle dekouraje,
Ou rakonte m istwa Job la
Epi w di mwen renmen w
Sa se lanmou
Krim lanmou 🖤
Ou renmen l
Li renmen w
Moman yo tèlman bèl
Ou wè 1+1=1❤️
O final ou reyalize vre
Ou pral viv san li 😔
Poukisa nou te rankontre si nou
pa t ka ansanm pou lavi?
🍃Lavi a ap kontinye san avè w, l ap kontinye san ou.
Li enpòtan pou w toujou chwazi fè sa ki bon pou ou e ki ka ede lòt moun grandi.
👌Ou vrèman espesyal, pran swen w🤗
Souvan moun ki pi enpòtan pou ou a, moun ou pi renmen an, sa w kwè se moun pa w la, demen l ka jis yon souvni nan vi w.
Ti detay yo, rann lanmou bèl.
Se pou sa ou dwe toujou valorize chak ti detay.
Valorize ti detay yo, konsa w ap wè lanmou vin pi bèl.
#ed103
Beb ❤️
M sèlman vle avè w nan moman
Men se dèyè ekran m ap admire w
Tout sa m anvi yo rete nan panse m 😔
Dèyè ekran nou pale de tout et de rien.
Men mwen vle avè w e fè tout sa m anvi yo 💦
Yon kesyon.
Èske w ap aksèpte chita sou chèz sa e konvèse ak yon moun espesyal pou ou ki kite mond sa trò bonè, paske vid li li kite nan ou pèsòn pa ka konble l ?
Beb❤️
Mwen chwazi w🤩
Si mwen ta gen pou m chwazi ❤️
M ap chwazi w ankò 🤗
E mil fwa ankò si nesesè
Paske ou se sèl moun🫶🏿
M ap toujou renmen pandan tout egzistans mwen 🫂❤️
Ou pa fè ide de Kòman ou te manke m
M ap dòmi se ou m ap reve
M anvi konekte avè w ,men sa blese m
M Santi mond pa m nan fini,m kriye.
Pa t prè pou separasyon nou,sa enfekte m
Se pa yon krim ,men kè m te deja kondane
Te fin pèdi espwa,pa t kwè nou t ap rankontre
Ou te manke m
Pa vin pale byen de lanmou
Paske m echwe
Moun m pi renmen an
Se tris pou m admire l ki prale
Ou ka imajine kòman sa blesan humm.
Se tankou yon ponya k ap antre nan yon kè
Ou temwen moun nan k ap mouri lantman
Byen se konsa m santi m lè m wè
M ap pèdi moun mwen pi renmen an.
Bonjou amou!
Yon lòt jou ki inisye
Yon lòt opòtinite
pou m kontinye renmen w
Pou mwen ba ou lanmou
Fè ou santi ou espesyal,
montre kòman ou enpòtan pou mwen.
Kòman mwen fyè de ou.
Ankò kite m raple w ou se moun mwen vle pandan tout rès vi m nan.
Ou espesyal 🫶🏿