@carelpedre Mw renmen direksyon an tou. Kontra anile se track preferem. Men m gen yon kesyon: Eske li nomal pou yo konsidere se yon albòm nan kategori rap jis paske se yon rapè ki fèl Oubyen yo ta dwe baze sou janl sonnen(an majorite) pou yo ta klasel Oubyen nominel?
@carelpedre@carelpedre m ta renmen konnen si publishing mande yon gwo lisans ki fè atis yo pa ka fèl pou tet yo oswa ak okenn lot patenè? Anpil eskandal avaris mank fleksibilite se toujou ak 1 grenn konpayi. Epi Ki sans sa genyen pou Brutus asepte pataje %taj ak konpayi a non pa Richie?
Bank entèmedyè ak sèvis Mobile wallet yo ap voye flè. Benefisyè pa resevwa lajan, Moncash @DigicelHT di se pa kote pa l. Konpayi sèvis transfè a nan USA di se bank entèmedyè an Ayiti a ki pa transfere lajan an, konpayi a di bank lan pa reponn imèl suivi. @BRHHaiti@ConilleGarry
Nan kominote nou an ke gen kèk moun, dèske yo gen yon popilarite epi ap fè kòb sou entènèt, Yo toujou panse ke moun ki kritike yo se selman moun ki egri oswa fristre de akonplisman yo. Souvan, fason yo reyaji oswa pale fè jeneralizasyon sou followers yo, baze sou estati ekonomik yo, tankou sipoze ke moun sa yo pòv, yo pap travay, pa t al lekòl, yo pa gen gou, yo parese, yo pa nan nivo yo, elatriye.
Atitid sa yo toujou kreye divizyon nan kominote a, paske li devalorize eksperyans ak opinyon anpil moun ki leve chak jou ki ap fè fas a de pwoblem sistemik.
Banm nouvel Ex mwen non ? Li jwen Prince Charmant an ? Li Jwen mounn ki chanje Lavil la ? Banm nouvel Zanmil yo ? sak te konn bay tripotay yo ? yo toujou byen avel ou byen yo chak ap regle afe pa yo ?