Grann mwen bò kote manman te toujou di ke vòlè pa konn wont se fanmi vòlè ki konn wont. Donk, sa pa etone m' lè vòlè isit vin nan mikwo pou di yo pa vòlè a. Nan eseye defann tèt, Gen youn ki bade pirèd nan koze eleksyon Jude Celestin an. Vòlò, chat. Si n te moun nou ta wont!
Kijan pou yon swadizan lidè politik, nèg ki jwe gwo wòl nan leta a rete ak tout san fwa li ap eksplike ki kijam nasyonzini via yon seten Edmon Milè te fè yo vòlò eleksyon Jude Celestin an. Si Jude pa mennen Lambert nan tribinal, se nan matyè y'ap pase nou, emosyon nou yap okipe.
Eske @josephlambertHT ap sèvi ak emosyon nou pou fè ak @judecelestin31 menm bagay Repiblik Dominikèn te vle fè nou ak @claudejoseph03 la oubyen se ta lè a ki rive pou yo di nou ak bouch yo ke yo pa moun? Ou te di ou fè 25 an ap travay pou yo, kisa w vle fè n' vale la a granmoun?
Kidonk, @josephlambertHT, jan w di a, se konsa eleksyon 2011 la te pase? Se sa ki te koz nan yon premye tan ou te di se "un éléphant dans un magasin de faillances" la. Poukisa aprè ou te vin bon kolaboratè Martelly. Kote ògèy la ye la a? Avan sa, kote "mourir est beau" a mezanmi?
Jodi 29 Oktòb la se anivèsè mwen. Pi gwo fason ou ka ede m fete, se sipòte epi pwomote konbit bibliyotèk labich. Pou sipòte ak lajan, voye sa w genyen nan mon cash sou 48242933(Jones Oreste). Nan non konbit la, mwen deja di w mesi anpiiiiiil.
Konbitè Elice Oreste.
M twouve pwopozisyon @SenateurMoise se yon bèl travay, malgre m' pa konnen tout moun yo. Sousi mwen gen ak li, se paske mwen wè yo ekate patwona a oubyen moun kap fe gwo biznis pandan yo pran madan sara yo. M sigjere pou tout ladan. Fòs nou pa nan eksklizyon, men nan tèt ansanm.
@avokapepla Lè ou menm ou chwazi kore yon PM ke yon tweet konfime a, ou respeke sitwayen yo konpatriyòt? Mwen twouve demach ekip li a louwap pase nèg ki t'ap di barikad se avni nou ki kounye a, pou zo, lage nou lè nou ta pi bezwen yo a. Epitou, di ke se yon sèl moun lan mechan anpil.
Eske se konnen nou pa konnen kijan pou nou mete tèt nou ansanm? Oubyen, èske se vle nou pa vle amelyore Ayiti? @DrArielHenry èske se vre se pou etranje(blan) wap travay? Oubyen, èske nan je pa w peyi a ap byen mache? Poukisa gwoup politisyen nou yo refize mete tèt ansanm?
#noulèd
@carelpedre@mikaben@timoza Epi postè sila a yo pa ka afiche douvan teyat nasyonal? Sou chandmas? Ak tout lòt kote ki diy pou ta onore anbasadè a. Sa a pi tris ankò😭💔😭💔