Asirew kew frekante moun ki pi avanse pase w nan domèn kote ou vle grandi yo paske antouraj ou ka swa limite w, swa ede w rive pi lwen.
#limit#SuccessMindset#richesse
Solo Express Immobilier présente
« 21 Jours de Vision Immobilière »
10-31 Mai 2026
À l’occasion de la période d’anniversaire de notre Directeur Exécutif, Evenson Mérite, nous célébrons 21 jours de vision, d’ambition et d’inspiration autour de l’immobilier en Haïti.#SoloExpress
Li pi bon pou yo kritikew pou fòs ou, pou prensip ou, pase yo pranw pou yon moun fèb, ki fasil a manipile oubyen a konbat. Paske depi w kite yo kraze w yon fwa, yo pap janm sispann Profite de ou jiskaskew pa egzite, se sak fè depi yo eseye ou menm ou gen obligasyon pouw kraze yo.
Une femme pauvre voit un homme comme une opportunité.
Une femme qui a déjà son argent voit un homme comme un choix.
Celle qui cherche à sortir de la misère multiplie les plans, donc pourcentage d'infidélité élevé.
Celle qui est stable n’a rien à prouver, donc elle fait un choix.
Siw chita yon kote yap pale lajan mal, tankou se lajan ki problèm nan se pa moun kap itilizel la, leve dousman deplase. Nou dwe konprann ke lajan se enèji, li rekonèt kiyès ki respektel. Mwen konseyew chwazi gen yon antouraj kote abondans lan ap santil byenveni zanmim
#richesse
Avanse chak jou san fè bwi, paske silans se pafwa pi bon fasonw ka asire kew ap rive kotew vle rive a. Pale twòp, afiche trop atire pwofitè, e li koz moun ki refize vle avanse, fache. Pa janm bliye sa
2026 sa, nou pap mande pèmisyon,
Nap fè pwogrè, nap kraze limit.
Sa ki pa vle wè nou briye, ke yo mete linèt solèy paske wè pa wè, pi gro reyalizasyon nou yo dwe fèt ane sa.
#BoudeyaBoude
Ou pa ka ap atann laviw chanje siw kontinye ap vibre ba.
Kontwole panse w, kenbe yo pozitif pou ou menm ak pou lòt moun, Kwè nan tèt ou, nan enèji ki anndanw, pa depann de sa ki deyòw paske chanjman an toujou kòmanse anndanw: nan pansew, saw tolere ak saw ap repete. #CroireEnSoi
Pa kite pèsòn moun abizew, sousew, itilizew, sou pretèks ke lavi oubyen yon èt siprèm pral rekonpansew. Majorite fwa lavi a pa jis, gen moun kap mache fè byen ki fè tout vi yo ap soufri, gen lòt kap mache fè moun mal ki ap viv byen, ki pa manke anyen.
Richès la pa kòmanse nan anpil lajan,
Li konstwi nan lespri
Se yon mantalite, yon konpòtman,
yon fason de pale, de panse,
de wè lavi e janw reyaji devan problèm kap baw rezilta wap chache a paske lajan pa fè lòt bagay ke swiv sa ou finalman vin ye.
#MentaliteRichès#RichèsEntèryè
Nou prale nan Mondyal la, e nap make prezans nou avèk fòs.
Nou pap figiran, paske nou se flanm,
Nap kontinye pote non Ayiti tankou limyè ki te deplase men ki deside tounen. 🇭🇹
Nou monte poun briye, nou leve poun viv, nou pral jwe poun kontinye make istwa. 🌍🔥
Ayiti MONDYAL 2026