Kotew prale a se sel ou ki konnenl, tout moun ki bo kotew yo gen wout pa yo yap fe. Wout paw la kapab pi long, men ak pasyans wap rive. Destinw depann de ou menm.
Kitem diw pwoblem yo ap toujou la,saw panse depiw finn rezoud li lespriw ap anpè a.Sitiyasyon ou rete kwe depiw finn soti ladanl wa ka fe kew kontan an, gen yon lot ki pi mal pi devan. Sel fason ou pral jwenn fos pouw fe fas ak yo se aprann gen rekonesant ak lavi epi asepte viv.
Pa janm neglije dil janw renminl janw santiw lew bo kotel,pa sispann bal atansyon ak afeksyon ke li merite. Pa janm rate okasyon pou exprime saw santi paske gen yon le li ka tro ta, toujou bay yo tout importans yo merite avan yo kitew.