Nou gen yon bèl peyi ki gen anpil potansyèl pou atire touris ak envestisè etranje. Men pwoblèm moun ak move konpòtman se youn nan pi gwo koz ki mete peyi a nan eta li ye jodi a.
Ansyen Prezidan Aristide se sèl Prezidan ki te gen kouraj pou mande <restitution ak reparation> pou Ayiti, blanc te santi enterèl menase li chèche itilize menm nou menm ankor pou bay prezidan Aristide koudeta, nou wè nan ki nivo ke nou pa moun e ke se nou menm kap detwi peyi nou.
Nou menm pèp ayisyen, poukisa fyète nou toujou rete kole nan 1804 ak 1806 sèlman? Èske nou pa kapab konstwi yon fyète ki sòti nan aksyon nou jodi a? Listwa nou se rasin nou se vre, men avni nou se responsablite nou. Lè pou nou leve yon nouvo fyète.
Nou denonse ak tout fòs nou tout kanpay medyatik kap fèt sou rezo sosyal yo ki vize twonpe popilasyon an. Rimè ki ta fè kwè Premye Minis la ta mande pou dezame brigad Kanapevè a, e revoke Komisè Muscadin an, se yon strateji pou kreye konfizyon epi destabilize opinyon piblik la.
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé gen jodi a yon gwo misyon istorik: asire kontinite tranzisyon an, retabli sekirite epi kreye kondisyon pou òganize eleksyon ki lib, onèt ak transparan.
Peyi a deja ap travèse anpil difikilte, e li pa nesesite plis dezòd oswa konfizyon nan desizyon kap pran yo. Nou swete tout desizyon CPT a ap pran yo fèt ak anpil refleksyon, transparans, ak nan enterè pèp ayisyen an pou peyi a pa efondre nan jou kap vini yo la.
En ce 18 novembre, jour de mémoire et de gloire nationale, Haïti écrit une nouvelle page de son histoire. 51 Ans après, nos Grenadiers se qualifient à nouveau pour la Coupe du Monde 2026. Une victoire qui unit, élève et redonne espoir à tout un peuple.
Finalman lè DCPJ wè pa gen anyen poul bay kòm prèv, pa gen istwa pou yo envente ankor nan Kad arestasyon anyen senatè Nenel Cassy a, franchman yo gen pou arive di senatè a enplike nan ti sekouz tranblemandetè a nap pran tanzantan wi.
Je tiens à exprimer toute ma solidarité au sénateur Nenel Cassy face à cette arrestation injuste. Dans ces moments difficiles, je salue son courage, sa dignité et son engagement indéfectible pour le peuple haïtien. La vérité finira par triompher.
Ayiti pap janm chanje si moun ki gen pouvwa yo kontinye gade tèt yo sèlman. Nou bezwen politisyen ak dirijan ki ka mete tèt yo kòm sèvis, pa kòm chèf. Politisyen ki ka mete enterè kolektif la sou tèt enterè pèsonel yo. Se sèl jan nou ka pale de devlopman reyèl.