16 Dawout, 8:30: Moun anba dekonm ap rele anmwe sekou nan antre Brefèt, nan vil Okay.
Yo kwense nan yon yon apatman ki te tonbe.
Kole zepòl pou ede sa k ka chape. #EarthquakeHaiti#goudougoudou
[17-08-2021 / 09:17]
Yon fwa ankò n ap lanse yon SOS pou yon gwoup moun ki anba yon kay nan Brefèt, zòn ansyen lokal Minustah.
Jiska maten an, genyen k ap rele yo vivan. Leta peyi m fè yon bagay non tanpri tanpri.-
#Haiti
SOS SOS
Nan Lokalite brefèt ki tou pre ansyen baz Ministah a nan OKAY (Altama) g on kay ki tonbe e dapre tout moun ki sou plas yo, gen moun k ap rele anba l .
@Pwoteksyonsivil
M pa yon expè men experyans mwen nan ede aprè katastwòf ka pèmèt mwen bay kèk konsèy pandan Nou pral ede .premye bagay pou ou konnen tout zòn yo pa bezwen menm bagay an ijans : anvan ou déplase li mye ke ou pale Ak yon moun Ki sou plas pou konnen sa ki nesesè e ijan ..