Nou kontan jès sitwayen epi responsab premye pitit Gason ansyen prezidan Jovenel Moïse lan fè yè, lè li rantre epi anrejistre l kòm elektè pou l ka vote nan pwochen eleksyon ki gen pou fè yo. Se yon prèv edikasyon sivik, sitwayènte, matirite ak kouraj li fè. Defen an dwe fyè anpil pou sajès pitit Gason l lan demontre nan 7 dènye ane sa yo.
Gen yon bagay ki atire atansyon m nan DEKLARASYON Joverlein Moïse fè yè aprè li fin enskri kòm elektè nan komin twoudinò. Li di: "pèp lan dwe chwazi yon kandida ki gen yon pwogram, ki mache ak ideyoloji ansyen prezidan Jovenel."
Daprè Mwen menm, Moun ki gen plis lejitimite pou pote vizyon Prezidan Jovenel Moïse te genyen pou Ayiti a, se Martine Moïse.
Pi gwo revanj pou asasina Prezidan Jovenel Moïse la se pa vanjans. Se kontinye vizyon li, reyalize pwojè li yo epi fè rèv li te genyen pou Ayiti a tounen reyalite.
Jovenel Moïse ap jwenn jistis lè Ayiti rive gen kouran 24 sou 24 toutbonvre.
Li ap jwenn jistis lè nou itilize solèy lan, tè an ak dlo yo pou n pwodui richès, mete manje nan asyèt pèp la epi mete lajan nan pòch fanm ak gason k ap travay ak diyite.
Men jistis sa a dwe pase tou nan manifestasyon laverite, idantifikasyon tout moun ki te patisipe nan krim nan ak aplikasyon lalwa san paspouki.
Jodi a, anpil kesyon kontinye ap poze sou sa yo te prezante kòm « Operasyon Bolivi » a. Pwosè k ap dewoule Miami an dwe ede fè limyè sou sikonstans asasina a, responsablite chak moun ak tout tantativ ki te fèt pou detounen laverite sou vrè kriminèl yo ak motif prensipal yo.
Nou pa ka bliye jan fanmi prezidansyèl la te sibi sispisyon ak akizasyon nan espas piblik la. Ni nou pa dwe sispann egzije pou tout responsablite politik ak enstitisyonèl, tankou sa ki konsène administrasyon Ariel Henry a, jwenn yon egzamen serye, transparan e san patipri.
Laverite pa bezwen prese. Li bezwen prèv, kouraj ak pèseverans.
GAD pa nan prese. Nou konnen nou ka mize nan wout, men sa pa vle di nou pap rive kote n prale an. Nou rete detèmine pou nou pote bon nouvèl, defann laverite epi travay pou yon lòt Ayiti.
Prezidan Jovenel te di li pa t vin batay ak Moun, li te vin batay ak soudevlopman, mizè, chomaj, ensekirite. Men lè l rive nan palè, chak pwoblèm sa yo te gen Moun menm fizikman ki te reprezante yo devan l. Nou menm, k ap gen pou kontinye travay ansyen prezidan Jovenel Moïse yo, aprè pèmisyon pèp lan, n ap tou di l depi kounya, sa ki te pase nan veye an pa p ka pase nan antèman an. Se pa ti rès lan pèp lan ap jwenn, se tout sa k dwe pou pèp lan, pèp lan dwe jwenn ! Ribanbèl lan ap fout fini...
Tout zonbi fè filo, rekreyasyon an fini. Fòs fènwa mete kò w sou kote men limyè verite an briye tipa tipa!
Chapo ba pou @joverleinmo, @Stanleylucas01, #RosemondJean, @BerthoInfo, #JamesPierre, @naderjoaceus ak tout lòt moun ki pa janm sispann poze kesyon, fè rechèch epi mande pou laverite manifeste.
Lis la long, e kontribisyon yo merite rekonesans.
Ti pa ti pa, laverite ap kontinye fè chemen li.
JISTIS POU JOVENEL MOÏSE! #haitiperspective2030ipr
#GAD , Fòs Nou se Rasin Nou!
[HAITÍ] La población haitiana tiene derecho a vivir sin violencia y sin miedo. Asimismo, los gobiernos del país y de El Salvador deben garantizar que el despliegue de fuerzas de Bukele en Haití respete los DD.HH. Es fundamental transparentar el acuerdo entre ambos Estados, las reglas sobre el uso de la fuerza y los mecanismos de supervisión y denuncia.
+ https://t.co/8ksTiJFj8X
@windyphele N ap travay sou yon lwa deja sou pwen sa. Sanble direksyon ak vizyon politik Nou ka kontre!
Ann kite tan ak aksyon koyeran yo mete bagay yo nan plas yo Tipa Tipa!
Ki obstak Jean Mary Simon te jwenn ki koz RTNH pa rekanpe sou pye l pandan l te gen responsabilite pou l te nan tèt yon komisyon pou nòmalize e restriktire enstitisyon sa a?
Mwen sezi wè se UNESCO M. Ménard oblije al mande bourad pou menm objektif lan?
Li ta bon pou @Jeanmary_simon ta ede n mye konprann kisa k pase an.
Mwen pèsonèlman kwè Jean Mary Simon gen konpetans adekwa pou l te ede nan sans sa a!
Kisa k pase menm?
Martine pwouve li te pi politik pase Jovenel Moïse, menm nan nati konsèy li konn bay Moun.
Moun ki kolabore ak tou 2 konn sa m di an la.
Gendelè si Jo te tande Martine, nan konsèy li te konn ba li, gen desizyon li t ap pran ki t ap evite n yon seri pwoblèm kounya a la.
Ekzanp: Martine konn di Jovenel Moïse, ou la pou garanti bon mach enstitisyon yo, si yon Moun se minis, oswa direktè jeneral, ou ba l vizyon w, ou ba l yon plan pou l aplike nan enterè pèp lan, epi Moun sa a se katèl politik ak ti zanmi l l ap privilejye nan leta, se revoke l, kèlkeswa Moun ki te parene l.
Anpil fwa Jovenel Moïse konn pran tan pou l aji sou sa. E li konn gentan trè ta menm.
MERCI !
C'est un mot qui vient du plus profond de mon cœur et qui traduit toute l'étendue de ma gratitude.
Merci au Département de la Justice des États-Unis, @TheJusticeDept pour la condamnation de l'un des principaux criminels impliqués dans l'assassinat de mon mari, JO, #JovenelMoïse , Président de la République, ainsi que dans la tentative d'assassinat dont j'ai moi-même été victime, à notre résidence, dans la nuit tragique du 7 juillet 2021.
Cette condamnation constitue une avancée importante dans notre quête de vérité et de justice. Elle nous rapproche davantage de la piste des auteurs intellectuels de ce crime odieux. Notre combat se poursuit et s'intensifie afin que les noms de toutes celles et de tous ceux qui ont planifié, commandité et financé ce magnicide soient enfin révélés au grand public. Cette décision judiciaire renforce notre détermination et ravive notre espoir dans la lutte pour que justice soit rendue.
Je tiens également à remercier l'administration du président #DonaldTrump @realDonaldTrump@Potus pour avoir procédé à la déclassification de documents susceptibles de contribuer à faire toute la lumière sur les circonstances et l'organisation de cet assassinat ignoble.
Mes sincères remerciements aux membres du jury, aux avocats de la poursuite, aux traducteurs ainsi qu'à tous les agents qui ont consacré d'innombrables heures de travail à ce dossier et dont les efforts portent aujourd'hui leurs fruits.
Merci également à toutes celles et à tous ceux qui nous soutiennent, aux journalistes qui ont assuré une couverture régulière des audiences et qui ont permis au peuple haïtien de rester informé des moindres développements et des informations révélées devant le tribunal fédéral.
Enfin, merci au peuple haïtien qui, malgré les horreurs de son quotidien, continue à suivre avec une attention particulière le déroulement de ce procès et qui, par son engagement, a également contribué à la remise de certains de ces criminels à la police.
Le combat pour la vérité et la justice se poursuit jusqu'à ce que tous les responsables, à quelque niveau que ce soit, répondent de leurs actes.
PEUPLE HAÏTIEN, PEUPLE VAILLANT, JE NE CESSERAI JAMAIS DE ME BATTRE POUR VOUS ET AVEC VOUS, JUSQU'À CE QUE VIENNE LE JOUR DE NOTRE DÉLIVRANCE !
#JusticePourJovenelMoise
#JusticePourHaiti
@MarcoRubio@SecRubio
@windyphele Konpliman Windy.
Bon leson pou politisyen Ayisyen yo.
Si yo vle pran nòt sou sa ki pozitif.
Morvan ap grandi chak Jou. M pa gen dout sou sa!
The best is yet to come.
Good job Windy.
Se pi bèl, pi bon nouvèl, mwen tande pou jodia.
Mwen tèlman santi m kontan... Wow
Ayisyen ka mete têt yo ansanm pou bon koz lan. Mwen rete pèsyade menm Si kèk Moun gendwa pa dakò avè m. Morvan renmen Ayiti. Li gendwa gen advèsè, men misye renmen peyi an.
Ou pase wo. Konpliman Win!
Morvan ak Windy Phele. Se pa AI.
Mwen te lanse yon pwosedi kont mesye Morvan kote l ta pral jije pou « outrage au tribunal » paske l :
- te pataje videyo yon endividi ki rele JANM SOT BA sou paj li ki te deklare : « mwen kwè Windy Phele enplike nan fwod (kòripsyon) vre » ;
- pat siprime kèk pòs sou paj li ki te gen rapò avèk mwen ;
Mesye Morvan te sipoze reponn kesyon tribinal la maten an. Men aprè refleksyon, puiske sanksyon yo te ka pi sevè nan dosye sa a, e puiske mwen konstate l te vin konfòme l ak jijman jen 2026 la, mwen deside abandone pwosedi outraj la sou otorizasyon tribinal la.
E se konsa konfli jidisyè a fini. Mwen kontan. Objektif mwen pa janm pou fè moun mechanste.
Rien à ajouter…
Zansèt nou yo te fè dènye batay pou retire chenn lesklavaj la nan pye nou sa gen 223 lane.
Malgre tout tribilasyon ke nap sibi, ekzekisyyon, destriksyon, vyolans sou fanm ak tifi, nou pap dekouraje nan batay la.
E zansèt yo pa lage nou.
Yo ban nou yon gwo kado,18 Novanm 2026 sa a, kise kondanasyon youn nan prensipal asasen nan lanmò Prezidan nou #JovenelMoise
Nou pap sispann di Mèsi pandan nap kontinye travay pou delivrans.
Achitèk la ak zansèt yo pran devan pou yo fè wout pou nou sot nan dezolasyon ale nan lavi miyò.
Lè yon pèp ap nwaye, li pa bezwen konnen kiyès k ap ede l sòti nan dlo a.
Tout Moun k ap fè pòz nasyonalis yo nan sitiyasyon Nou ye la se foli mètdam yo genyen!
Se vre wi.
Depi lontan Jovenel te wè se GAD pa nou, sètadi lame pa Nou, ki pou sekirize Nou.
Se te yon bon desizyon. Rapèl sa trè bon konpatriyòt!
@PetersonBNoel
Lè w ap dirije, se pran desizyon e depi desizyon an bon, pa gen anyen ki dwe anpeche w avanse.
Nan lane 2018, Prezidan Jovenel Moïse te pran gwò desizyon enpòtan lè li te angaje l nan remobilizasyon Fòs Ame d Ayiti (FAd’H), apre desizyon Jean-Bertrand Aristide te pran pou demobilize lame a an 1995. Li te mete sou pye yon Eta-Majò epi lanse pwosesis rekonstriksyon fòs la, avèk plis pase 300 sòlda nan premye faz la. Jodi a, kantite militè yo depase 1 500.
Gen kèk Ayisyen ki te konn repete byen fò peyi a pa bezwen lame. Jodi a, se kek nan yo kap selebre prezans lame lòt peyi sou tèritwa nou.
Pandan Prezidan @nayibbukele ap pote kontribisyon li nan batay kont ensekirite a, nou dwe kontinye reflechi sou enpòtans pou nou ranfòse pwòp kapasite defans ak sekirite peyi nou. Sipò pou Fòs Ame Ayiti dwe kontinye, paske sekirite ak souverènte yon peyi mande enstitisyon nasyonal ki solid.
Ayiti se youn nan ra peyi kote lame a te egziste anvan menm nesans peyi a 1e janvye 1804 kòm eta endepandan. Se nan listwa lame sa a nou jwenn rasin batay ki te mennen nan viktwa 18 novanm 1803 la, nan batay Vètyè a, ki te louvri chemen pou endepandans nou, chemen libète epi limyè pou lot nasyon.
Yon peyi dwe kapab konte sou pwòp enstitisyon li pou defann souverènte li, lame a dwe fè pati lavi chak gren Ayisyen; nou dwe jire pou pwoteje enstitisyon sila pandan lap konsakrel nan pwoteje entegreti peyi a
Nèg sa yo bloke yon peyi sou Jovenel. Yo detwi yon pakèt zòn ki te toujou pezib, aprè peyi lòk, ensitasyon a la vyolans, barikad se avni pèp lan.
Sipoze gen yon pwosè popilè ki pou reklame jistis ak reparasyon pou tout FANM ak GASON ki tonbe pou granmesi nan vag vyolans MJC kontribiye, patisipe nan peyi an.
Nèg sa yo fè Ayiti yon mal ki ireparab. You boule. Yo kraze. Yo koz Moun viktim, dekapitalize.
Zouti yo itilize se te blòf, manti, diskou fasil ak popilis. Jodia li evidan, tout bouki fè filo, Nou pa p pran ni nan manti ankò ni nan manipilasyon mètdam pou regle zafè pèsonèl sou non pèp ankò.
Mèsi Carel, ou ede n kenbe koken ak mèt dam.
Ou koken! ou mèt dam! Epi ou pa wont w ap kontinye. Foto ou te poste a se yon foto Dmitry Medvedev an fevriye 2024.
Nou kenbe w. ou pa menm jwenn yon foto 2026 se screenshot you video ou poste.
Ou di Pitit Desalin prezan. Poukisa foto evenman an pa soti sou telefòn ou.