Se pa kote w soti a, se kote w vle rive a.
Dènyeman, mwen te nan yon sal klas ki gen yon seri etidyan ki soti nan divès peyi. Sa vle di, chak etidyan gen istwa ak kilti ki diferan youn de lòt.
Pwofesè a te bay chak etidyan yon ti bwat ki ranpli ak kreyon koulè epi yon ti fèy papye blan. Aprè sa, li mande pou chak etidyan ekri non yo ak depatman/eta kote yo soti a.
Jan nou ka wè l sou premye imaj la, mwen te ekri "Leevens-> Artibonite".
Pou kontinye, pwofesè a mande pou chak etidyan fè yon desen ki reprezante yon pakèt bagay pou li. Aprè sa, chak etidyan ap pase devan klas la pou eksplike istwa ki kache dèyè desen an.
Gen etidyan ki desine montay, gen sa ki fè desen rivyè, gen lòt ki desine yon manje ki vrèman komen nan peyi yo...
Nan ka pa m, se te yon pwoblèm pou mwen paske m pa bon nan fè desen. Mwen t ap ezite sou ki chwa mwen dwe fè kòm bagay pou m deside. Epi mwen di m ap kite kè m pale. Mwen panse ak tèt mwen; kote m ye, kote m soti ak kote m vize.
Epi m deside fè desen yon animal ki reflete kwayans mwen: se tòti.
Tòti se yon ki pa prese. Li ale ak ritm li kapab. Tout lòt mèt pase devan l, sa pa deranje l. Sa ki enpòtan pou li, se destinasyon final la. Ak vitès li prale a, li se youn pami animal ki viv pi lontan pami tout lòt yo sou tè a.
Pou m rezime istwa ki kache dèyè desen an, mwen te deside pran pawòl Medjy itilize nan mizik ki titre "PASYANTE" a. Nan mizik sa a, Medjy (@MedjyA_ENPOSIB) di :《 sa ka pran, men w ap kontan 》.
Pawòl sa se yon pawòl mwen toujou ap repete a chak fwa mwen pran yon echèk, a chak fwa mwen ap konnen yon peryòd difisil, a chak fwa mwen vle doute, a chak fwa mwen vle dekouraje, a chak fwa mwen pa wè ni anwo ni anba, mwen sonje "sa ka pran tan, men m ap kontan".
Lè m t ap prezante klas la istwa ki dèyè desen an, tout moun te rete silans pou yo tande m. Se te yon moman ranpli ak emosyon.
Ou menm ki ap li ti piblikasyon sa a, mwen vrèman swete kè kontan pa ou a ap rive byento.
Leevens -> Artibonite (Sa ka pran tan, men w ap kontan 🐢)
@theocali@Kaly973 Mpa konpare Clef ak pèsòn non bro mpa fou pa gen 2 Ayisyen ki gen nivo Clef non sa son lejand wi sou tout fòm. Mte jis mete Kaly nan ki kontèks misye tap pale se pat kesyon fè drapo flote pi gwo kote. Mpa tap janm konpare Clef ak bb sa yo