Bonsoir à tous😊, j'espère que vous allez bien😊😊 Je vous présente ma première musique qui sortira dans peu de temps et qui aura pour titre (Bayo Nap Bayo) comme vous le voyez sur le flyer 🙏🏽🔥🔥Stay connected.
@Elprofsor@petitclairpeter@SteevyDope@Mc_Gareth_911@bmixx_dj
⭕️ENFO | Jiridikman, se fini pou TPS Ayisyen yo.🇭🇹Nan yon dokiman 2 paj li pibliye, mèkredi 5 dawout 2026 la, jij Ana C. Reyes di li leve « mosyon » li te pran kont gouvènman ameriken an🇺🇸pou koupe TPS Ayisyen yo. « Òdonans tribinal la ki te bloke dat rantre an aplikasyon fen deziyasyon Ayiti pou TPS la annatandan yon desizyon lajistis, li pa valab ankò », se sa jij la ekri nan dokiman an. Jij Reyes oblije konfòme li anba desizyon Lakou Siprèm nan, ki te gentan fèmen tout posiblite pou yon tribinal enferyè deside kontrè. Jij la pran desizyon sa ki se yon fòmalite jiridik ak administrativ, yon jou aprè li te fin resevwa dosye a nan men Lakou Dapèl. Avèk desizyon sa a, administrasyon Trump lan ka jiridikman mete fen ak estati ki te pwoteje Ayisyen yo kont depòtasyon. Se pratikman dènye etap nan yo dosye ki te dire plizyè mwa devan lajistis, e ki te rive jiska Lakou Siprèm | CTN, @CNN
yon jèn fanm ki ta rete Delmas 33 ta tonbe nan men bandi yo.
yo akize li dèske li t ap pibliye foto kèk medam ki konn al fonksyone ak manm gang yo.
Bandi yo te fè l kwè yo te kite lajan pou li. Lè li rive sou plas la pou al pran li, yo ta kenbe l epi yo ta tire l.
men pa gen konfimasyon si l mouri vre
apre jijman gang yo
nouvèl la tout kote
espere li pa mouri , e fanmi l ta rejwenn li
o mwen li ta kite vi bouzen an.
Opinyon | Editoryal | Avi Legal | Èske yo ka arete yon moun sèlman paske li mennaj yon chèf TEWORIS?
Arestasyon enfliyansez TikTok ki rele “Ti Kreyòl Dyab” la soulve anpil kesyon sou rezo sosyal yo. Blag a goch a dwat, nan kan moun ki kontan yo, mesaj kouraj ak senpati soti bò kote sa ki kont yo. Gen anpil moun ki kwè se sèlman paske yo di demwazèl la te nan yon relasyon ak chèf TEWORIS “Chalè” ki fèl anba kòd. A la verite, reyalite legal la souvan pi konplike.
An prensip, yon relasyon amoure pa yon enfraksyon. Yon moun pa ta dwe nan gadavi sèlman paske li mennaj, madanm, mari oswa fanmi yon moun ki nan zak kriminèl. Responsablite penal se yon bagay pèsonèl. Lajistis dwe chèche prèv ki montre moun nan li menm te patisipe oswa te gen yon wòl nan aktivite ilegal yo.
Kidonk, si otorite yo pran desizyon pou arete yon moun, sa souvan vle di yo gen prèv nan men yo ki merite yon ankèt oswa ki ta ka montre plis pase yon senp relasyon sentimental. Nan dosye ki gen rapò ak GWOUP TEWORIS , arete pwòch on TEWORIS se souvan paske otorite yo gen bon rezon pou yo sispèk konivans, sipò lojistik, transfè lajan, ede kache moun yo ap chèche, oswa nenpòt lòt aksyon ki se yon enfraksyon dapre lalwa.
Sa pa vle di moun ki arete a koupab. Fòk nou sonje prezonpsyon inosans rete yon prensip fondamantal. Se lajistis ki dwe prezante prèv yo epi, si sa nesesè, yon tribinal dwe detèmine si moun nan koupab osnon inosan.
Nan ka Ti Kreyòl Dyab la, jiskaprezan pa gen okenn desizyon tribinal ki deklare li koupab. Si enfòmasyon yo limite sèlman ak sa kap sikile sou rezo sosyal yo, li twò bonè pou rive nan nenpòt konklizyon. Men sitou, li enpòtan tou pou nou pa plede repete ke arestasyon an fèt sèlman paske yo di li te mennaj yon chèf TEWORIS . An jeneral, yon arestasyon fèt lè otorite yo estime yo gen rezon legal pou ouvri yon dosye oswa pouswiv yon ankèt sou aksyon moun nan fè menm.
Se pou sa, piblik la ta dwe evite jije dosye a sou emosyon oswa rimè. Ti blag yo bon, yo ede nou pase tan, ak chase strès, men pi bon atitid la se tann enfòmasyon ofisyèl yo ak prèv ki pral prezante devan lajistis. Nan yon eta de dwa, ni otorite yo ni sitwayen yo dwe respekte prensip kle a: TOUT MOUN INOSAN JOUK YO PWOUVE LI KOUPAB.
📸Foto yo se Chalè ak Ti Kreyòl
Men Ti kreyol gen kran tou wi pouw wè mesye sa koz Johanna touye Cookie li nan prizon
Li fè soldal bat Rishoo deskel twompel epiw pot tet ou bali🤦🏽♀️
Kounyaw nan men DCPJ Misye ap just chache yon lot bel fanm ki pedi dignité k pou ramplasew🤦🏽♀️
Medam yo gaspiye bote yo Wi pito yo te pran bel ti sugar daddy😂