Un Haïtien venu suporter les Grenadiers s'amuse aux aborda du Mercedes Benz Stadium à Atlanta où Haïti joue ce soir son dernier match de cette Coupe du monde contre le Maroc. #NOUTOUTSEGRENADYE#FIFAWorldCup2026
📹 Charly Amazan
The OAS delegation visited the Gang Suppression Force (GSF) base in Haiti — a critical force working to restore security to Haitian communities and counter terrorist networks threatening regional and global stability. The U.S. welcomes OAS members’ support for the GSF and its reauthorization in the UNSC. 💪 #Haiti #GSFHaiti #OAS
Gras Bondye ak konkou lanati, revelasyon ki fèt pandan 59 mwa apre asasina Prezidan Jovenel Moïse e tantativ pou touyem 7 Jiyè 2021, mete anpil limyè epi lonje dwèt sou asasen yo malgre manèv pou kase fèy kouvri sa. Vijilans pèp la pa kite anyen pase.
Apre tantativ Tibwa oligak ak politisyen kriminèl yo fè pou touye Prezidan Jovenel Moïse, ak sipò yon jij pouchis kasasyon 7 Fevrier 2021, pati nan dwazimen ki kowonpi an #Haiti deklare ke kriminèl ki fè kou sa a, se prizonye politik ke yo ye. Fas a presyon pèp la, 59 mwa apre, pawòl la chanje. Se koulye a dwazimen kowonpi yo rekonèt e aksepte ke sak te pase Tibwa a se te bèl e byen yon koudeta.
Se menm dwazimen sa ki te eseye kraze kandidati marim #JovenelMoise pou prezidan ak fo dosye finansye UCREF. Nan fo dosye sa a, yo pran tranzaksyon goud, yo di ke se dola.
Se sak fè anpil moun sezi, lè yo wè youn nan otè montaj koripsyon UCREF la nonmen kòm jij nan kou dapèl pòtoprens. Menm kou dapèl kote dosye asasina Prezidan Jovenel e tantativ asasina sou mwen ap swiv wout li.
Pèp la, nap veye anwo, nap veye anba!
Dwazimen kowonpi yo pase 4 an 5 mwa ap detwi karaktè Prezidan Jovenel Moïse epi denigre fanmi li jiskaske yo touye l. Menm apre asasina a, yo kontinye ap fè menm travay sal la, a travè pwopagand manti operasyon Bolivi ki pa kanpe.
Yo kontinye ap krache sou kadav Prezidan Jovenel Moïse. Yo te menm fè tantativ pou detwi m e denigre fanmi m sou plizyè estasyon radyo. Sa pat dekouraje nou nan batay la. Nou konnen lajistis gen poul triyonfe.
Kanè Prezidan Jovenel Moise te lakay li e se ladanl li te konn pran tout nòt enpòtan.
Menm si òdonans jij poko ka ekzekite e yo poko ka jwenn dokiman sa a, ki se sekrè deta , la Jistis gen poul triyonfe.
Menm si traktasyon ap fèt pou pwoteje kriminèl ki touye marim, Prezidan nou e ki tirem 7 Jiyè 2021, la jistis gen poul triyonfe.
Menm si 59 mwa apre yo kontinye chache otè finansye e entelektyèl krim grav sa kont nasyon an, kont pèp la, la jistis gen poul triyonfe.
Pèp ayisien, mwen remèsye nou anpil pou lapriyè nou, pou sipò moral nou ban mwen ak fanmi m pandan 59 mwa ke kriminèl yo kontinye ap sible nou.
Pitit tè a kap viv nan diaspora a, mwen remèsye nou anpil pou jan nou akonpaye Prezidan Jovenel Moïse avèm nan tribinal federal Miami.
Map lapriyè pou Bondye kontinye voye
je sou Ayiti sitou sou timoun yo ki vrèman ekspoze.
Jistis Bon Dye se kabwèt bèf, men yon jou delivrans lan gen poul rive.
#Haiti
#Justice
Gade yon “reportaj” mwen wè sou Facebook. Selon enfòmasyon ki te akonpaye videyo a, men sa yo te ekri:
“Men sa ki Ayiti a. Aprè yon seremoni Premye minis la te òganize sou Chanmas la, ebyen aprè seremoni an, ta sanble se lwe yo te lwe pye palmis yo, yo rache tout, yo ale ak yo.”
Men, seryezman, èske se konsa yo fè yon reportaj ?
Mwen tande moun ki ap pale a, li prezante tèt li tankou yon jounalis, men li sanble li pa konn fè lòt bagay pase repete menm mo a : “voilà, voilà, voilà…”
Pa gen kontèks, pa gen verifikasyon, pa gen sous klè, pa gen kesyon esansyèl : kiyès ki te mete pye palmis yo ? Èske yo te achte yo ? Èske yo te lwe yo ? Kiyès ki deside retire yo ? Poukisa yo retire yo ? Konbyen sa te koute ?
Jounalis pa la pou l repete bri k ap sikile sou rezo sosyal. Travay yon jounalis se verifye, poze kesyon, bay kontèks, chèche repons, epi enfòme piblik la avèk presizyon.
Lè menm baz metye a pa respekte, sa pa yon ti pwoblèm. Se grav. Paske nan yon peyi ki deja ap viv nan konfizyon, move enfòmasyon ak rimè pa fè lòt bagay pase ogmante dezòd la ! #NRoc
🆘🆘🆘 Pon Pivè se yon danje pou moun ki ap travèsel. Pon sa chita kòl nan Vil Senmak.
Pon an kraze depi plizyè ane, men jouk nap pale la abitan vil la kontinye ap riske lavi yo chak yo pase sou li. 🆘🆘🆘
Nou pata swete se lè yon malè rive pou li ranje.