Genyen Ayisyen ki gen privilèj (paspò ameriken, green card) oswa ki abite nan kominote kote pa gen anpil Ayisyen, ki panse yo “pa konsène” pa sitiyasyon tankou sa kap pase nan Springfield, Ohio. Sa montre kijan anpil nan nou pa toujou wè tèt nou kòm yon kominote. Lè yon moun nan kominote a sibi yon atak oubyen diskriminasyon, se tout kominote a ki febli. Twò souvan, se nou menm ankò ki fè tripotay, vann move naritaf sou lòt frè ak sè nou, kraze youn lòt olye pou nou soutni youn lòt.
Sonje kijan jiskaprezan nou wè e diskite sou "Humanitarian Parole" la? Nou menm ankò toujou ap diskrimine tèt nou, alò kòman nou vle lòt moun pa fè menm jan an?
Sistèm rasis nan USA pa chanje selon ki pati politik ki sou pouvwa. Li sistemik, ki vle di li enstale nan tout aspè sosyete a, kèlkeswa ki moun ki prezidan. Donk, menm si apre eleksyon sa, gen moun ki panse pwoblèm sa yo ap pase, sistèm lan li menm ap kontinye egziste. E se pou sa li enpòtan pou nou konprann fòs nou depann de kijan nou ini, sipòte, ak ankouraje youn lòt. Lè nou febli pwòp kominote nou, nou fè l pi fasil pou lòt moun fè nou mal.
FACT CHECK (Share this as much as the misinformation!)
CLAIM: Undocumented Haitian immigrants are stealing and eating people’s pets in Springfield, Ohio.
TRUTH: Absolutely false!
- The woman featured in the video is not Haitian; her name is Telia Ferrell, and she’s a U.S. citizen who has been a registered voter for six years.
- The Springfield Police Department confirmed they have received zero reports of pets being stolen or eaten.
- The body-cam video in question was not filmed in Springfield, Ohio, but in Canton, Ohio.
- Ian Miles Cheong, a controversial online personality, has played a key role in spreading this rumor. He has been involved with Russian state-run media, is based in Malaysia, living in Vatican City, and has no known affiliation with Springfield or this incident.
Let’s stick to the facts and stop the spread of harmful rumors!
Gen fi ki pè tonbe ansent, ki pè koze akouchman, swa akoz sitiyasyon koup yo, swa akoz yon bebe yo te pèdi, swa tou akoz yon gwosès ak yon akouchman ki te pase mal e sa kite vye souvni lakay yo! Sa rele Tocophobie! E sa kreye gwo laperèz lakay fi sa yo!
✍🏾OPINYON RISKE | Fas a dimansyon konfli ant Ayiti ak Sendomeng nan ap pran dènye jou sa yo, medya Ayisyen yo gen yon devwa patriyotik pou yo ranpli. Menm jan ak medya dominiken, atravè tèks ak editoryal yap pibliye, kap pran defans peyi yo, nou menm tou, fòk nou aji menm jan, avèk pwofesyonalis.
Avèk plim nou, mikwo nou, kamera nou… ann travay nan enterè peyi nou. Soukote misyon nou genyen ki se enfòme, fòme… nou menm jounalis, nou gen obligasyon defann Ayiti, pandan nap fè efò pou nou rete pi pre objektivite.
Pou yon fwa, ann oryante opinyon piblik nasyonal ak entènasyonal la sou sa kap bon pou peyi nou.
Luckson SAINT-VIL
Sitwayen Ayisyen🇭🇹
Jounalis🎤
Kreyatè kontni📷
Pwoblèm yo anpil, ou santiw dezespere, ou santi laviw san sans! Mande Sipò🙏! E ou menm ki tonbe sou yon moun kap eksplike sitiyasyon li, evite fè kòmantè negatif sou sa! Depresyon pa yon jwèt! Mwen gen yon videyo konplè sou Depresyon! M mete lyen an pou nou ka gade li!
Eskew te konnen yo itilize po pwason ki rele 'tilapya' pou geri moun ki boule? Li gen anpil avantaj: mwens depans, mwens pansman a repetisyon, li pèmèt po a geri e sikatrize pi rapid, redwi risk enfeksyon, epi malad la gen mwens doulè! Ou te konn sa? Men yon egzanp nan foto a!
Lèw boule, pa kouri pase pat sou kotew boule a, pratik sa pa bon! Ou dwe vide dlo pwòp sou sifas ou boule a, asire ou li pa enfekte epi ale nan yon sant sante! E sonje yon ti sifas boule ka grav anpil, sa depann de koz ak tip boule a! Pa pase pat sou boule ankò ok!
WATCH: A spa in Cairo, Egypt, massages clients using live snakes.
Spa owner Safwat Sedki says snake massages are proven to reduce muscle and joint pain while improving blood circulation and releasing endorphins.