Senatè Garcia Delva kanpe dèyè pozisyon l ke sèl mwayen pou konbat ensekirite , eksklizyon ak grangou se nan tèt ansanm, a travè yon akò nan kad lalwa ak tout enstitisyon yo ak respè pou Konstitisyon an.
AYA
Senatè Delva te patisipe nan yon rankont ak plizyè prezidan Kwoperativ Agrikôl nan Depatman kote PM Ariel te prezan, ansyen Depite Ti Rivyè Profane Victor, Direktè Jeneral ODVA ak Vis Delege Awondisman Desalin nan.
Biwo Senatè Garcia Delva, ap enfome tout popilasyon an sitou sila yo kap viv nan Depatman Latibonit ke Senatè Delva te prezan nan komin Ti Rivyè nan okazyon Fêt Patwonal la jou ki te 30 setanm 2021 an.
Biwo Senaté Delva ap renouvlè demand li ak tout Fòs Viv Nasyon an, pou yo mete tèt yo ansanm pou nou ka jwen yon vrè antant nan kad konstitisyon an ak la Lwa . Se sel grenn solisyon kap pèmet nou konbat tout fòm de exklizyon majorité a en favè yon ti minorité.
Biwo Senaté Garcia Delva ap salye tout Ayisyen nan okazyon 20 Septembre lan,ki se "Jour de Dessalines ,
Papa Nasyon an te bay sang li pou nou te jwen Libèté ak Jistis Sosyal
Malrezman,mechansté Elit yo fè jounen jodia se Ensekirite,Grangou,koripsyon, exklizyon kap tayé Banda.
Bureau Senateur GD ap reafime pozisyon l, kote lap mande pou tout fòs viv nasyon an leve kanpe kont Tout Akò san kò, ki vle mete sou kote Senat Republique la ki se sel kò lejitim peyi a
AYA
Bureau Senateur Garcia Delva, konstate ke gen plizyè pati politik ki chwazi BOUDE Akò Pèpè,
ke PM Ariel ak Akolit li yo siyen jounen Samedi 11 septembre 2021 an.
Pandan lap rete vijilan, Bureau Senateur GD ap felisite tout pati politik sa yo pou jès sa.