Mèkredi 18 novanm 2026, lapolis Manchester te mete 11 sitwayen ayisyen an gadavi apre rezidan te remake yo nan zòn Alligator Pond. Dapre Jamaica Observer ak Radio Jamaica News, gwoup la te gen sèt gason ak kat fanm. Lapolis kwè yo te rive pa bato, epi otorite yo te mennen yo nan Lopital Rejyonal Mandeville pou yon egzamen medikal.
Sous : Jamaica Observer - Radio Jamaica News 🗞️
#Jamayik #Ayisyen #Manchester #planetnewsht
Anbasad Etazini nan Pòtoprens pibliye yon alèt sekirite dimanch 22 novanm 2026 la, kote li avèti sitwayen ameriken yo sou aktivite sekirite ak kout zam ki rapòte nan zòn Taba pòtoprens, sitou nan vwazinaj anbasad la.
Nan avi a, anbasad la konseye sitwayen ameriken yo pou yo evite zòn nan, rete sou yon pwofil ba epi fè anpil atansyon ak sa k ap pase nan anviwònman yo. Anbasad la raple tou Ayiti rete anba yon avètisman vwayaj Nivo 4, kote Depatman Deta Ameriken an konseye sitwayen li yo pa vwayaje nan peyi a.
Sous: U.S. Embassy Haiti🗞️
#Ayiti #Etazini #AlètSekirite #PlanetNewsHT
Prezidan El Salvador, Nayib Bukele, rann omaj bay lyetnan Cristian Daniel Palacios Santos ak de kaporal yo, Emerson Alexander Zepeda Zelada ak Wilber Manuel Serrano Medina, ki pèdi lavi yo apre yon aksidan pandan misyon yo ann Ayiti. Li salye kouraj yo epi li raple jan yo te pran risk pou pwoteje lòt moun ak kamarad yo.
Dapre prezidan an, chak fanmi ap resevwa 200 000 dola ameriken tousuit, epi 400 000 dola ki rete nan fon an ap sèvi pou garanti twa fanmi yo yon revni chak mwa. Bukele reyafime sipò li pou militè salvadoryen ki toujou ann Ayiti epi li di sila yo ki vle retounen lakay yo ka fè sa san sanksyon e san sa pa afekte misyon an.
#Bukele #Ayiti #Salvadoryen #planetnewsht
Nan yon mizajou sou X, Lame El Salvador fè konnen youn nan de militè ki t ap resevwa swen apre ensidan an pa t siviv. Yo te transpòte l pa avyon nan yon lopital nan Repiblik Dominikèn. Nouvo bilan lame a rive sou twa militè ki pèdi lavi yo, epi katriyèm nan pa an danje ankò. Lame a prezante kondoleyans li bay fanmi twa militè yo.
Sous : rezo X - Minis Defans El Salvador 🗞️
#ElSalvador #Militè #Ayiti #planetnewsht
Nan yon kominike ki pote dat 19 novanm 2026, Ministè Afè Sosyal ak Travay (MAST) raple patwon antrepriz ak enstitisyon k ap fè pwofi yo yo dwe peye anplwaye yo boni fen ane a ant 24 ak 31 desanm, kèlkeswa kantite tan anplwaye yo gen nan travay la. Minis Marc-Elie Nelson, ki siyen kominike a, fè konnen enspektè travay pral verifye si patwon yo respekte obligasyon sa a atravè peyi a.
#MAST #BoniFenAne #Travayè #planetnewsht
Dapre minis Defans lan, Mario Andrésol, senk rejyon militè yo se Gran Nò, rejyon Santral la ki rasanble Sant ak Latibonit, rejyon Lwès la ki gen Sidès ladan l, rejyon Sid la ki rasanble Sid, Nip ak Grandans, epi rejyon fwontalye a ki soti Wanament rive Ansapit.
Li esplike se kòmandan rejyon ki pran plas kòmandan depatman yo, epi lame a ap kontinye entèvni sou tout teritwa peyi a. Pou rejyon fwontalye a, minis la di lame a ap prezan tou nan zòn ki pa gen pòs pasaj ofisyèl pou ranfòse kontwòl fwontyè a.
#MarioAndresol #LameDayiti #Fwontyè #planetnewsht
Fòs pou Siprime Gwoup Ame yo (GSF) fè konnen yo etabli yon baz toupre Wout Nasyonal nimewo 1, nan nò Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture, kote gwoup ame yo te konn menase moun, fè vyolans epi egzije lajan nan men chofè ak pasaje. Dapre GSF, ajan yo deja deplwaye nan zòn nan pou kontinye operasyon sekirite yo, ranfòse pwoteksyon katye ki toupre yo epi pèmèt popilasyon an ak machann yo sikile pi lib sou wout estratejik sa a. Fòs la fè konnen objektif li se retabli sekirite ak libète sikilasyon sou aks sa a.
Sous : GSF 🗞️
#GSF #Woutnasyonal #Sekirite #planetnewsht
Jedi 19 novanm 2026, yon sous ki pale ak yon medya lokal rapòte plis pase 40 manm gwoup ame ta pèdi lavi yo pandan yon gwo operasyon fòs sekirite yo, avèk patisipasyon sòlda salvadoryen, nan Matisan. Dapre menm sous la, plizyè kay gwoup ame yo te konn itilize kòm baz ta detwi pandan entèvansyon an. Sous la fè konnen operasyon yo pral vin pi entans epi pwolonje jiska Kafou, pandan fòs sekirite yo ta genyen nouvo ekipman pou ranfòse kapasite yo.
#Matisan #Pòtoprens #Salvador #planetnewsht
Nan yon deklarasyon sou sitiyasyon ensekirite ann Ayiti, atis Anie Alerte pale sou Lanmò San Jou, chèf gwoup ame ki aktif nan Kwadèboukè. Li fè konnen gen moun ki di mesye sa a te konn travay kòm chofè taksi moto, epi li mande kiyès ki te mete zam nan men li.
Anie lanse yon apèl pou moun sispann bay jèn yo zam, epi pito ba yo liv, materyèl agrikòl ak mwayen pou yo travay tè. Dapre li, li enpòtan pou chèche konnen kiyès k ap bay jèn sa yo zam, olye yo konsantre sèlman sou moun k ap itilize yo.
#AnieAlerte #AtisAyisyen #Lanmòsanjou #planetnewsht
Nan yon mesaj sou X, depite salvadoryèn Alexia Rivas reponn Ayisyèn Lynn Gedeon, ki te mande Prezidan Nayib Bukele kontinye soutni Ayiti pou moun nan dyaspora kapab retounen viv nan peyi yo san kè sote. Alexia Rivas esplike pandan plizyè ane, ensekirite te anpeche anpil Salvadoryen retounen lakay yo, men dapre li, sitiyasyon an chanje anba direksyon Bukele.
Li fè konnen El Salvador ap tounen yon peyi kote sitwayen ki te oblije pati yo kapab retounen, rebati lavi yo epi viv an sekirite. Li fini deklarasyon li lè li reyafime El Salvador kanpe bò kote pèp ayisyen an.
Sous : Alexia Rivas ak Lynn Gedeon — Piblikasyon sou X.🗞️
#AlexiaRivas #Bukele #Ayiti #planetnewsht
Fòs Lame d Ayiti (FAd’H) ap prepare pou ranfòse kapasite militè li yo nan kad yon plan devlopman ki prevwa ogmante kantite sòlda yo soti anviwon 2 800 pou rive 5 000 anvan 30 septanm 2027. Dapre enfòmasyon jounal Le Nouvelliste jwenn nan Ministè Defans lan, lame a genyen yon bidjè 10,6 milya goud pou ane fiskal la, ladan l 5,2 milya goud pou envestisman ak 5,4 milya goud pou fonksyònman.
Objektif la se ranfòse enstitisyon militè a pandan sòlda yo kontinye kolabore ak lòt fòs sekirite pou konbat gwoup ame yo epi ede retabli sekirite nan peyi a.
Sous : Le Nouvelliste — Roberson Alphonse, 17 novanm 2026.🗞️
#FAdH #Militè #Ayisyen #planetnewsht
Byen bonè mèkredi 18 novanm 2026 la, anviwon 5è nan maten, sòlda salvadoryen yo ta mennen yon operasyon avèk twa elikoptè, kote yo ta detwi youn nan kay Jeff Gwo Lwa, yon chèf gwoup ame ki fè pati kowalisyon « Viv Ansanm » nan.
Dapre enfòmasyon ki rapòte yo, kay sa a ta konstwi ak lajan ki soti nan aktivite ilegal. Entèvansyon sa a ta antre nan kad operasyon fòs sekirite yo ap mennen pou diminye enfliyans gwoup ame yo epi retabli sekirite nan peyi a. Pou kounye a, pa gen konfimasyon ofisyèl ki disponib sou detay operasyon an.
#Jeffgwolwa #Kanaran #ElSalvador #planetnewsht
Nan yon kominike ki pote dat 17 novanm 2026, Primati ayisyen an fè konnen Minis Patrick Pélissier vizite Sant Detansyon CECOT la nan El Salvador, ansanm ak Gustavo Villatoro. Vizit sa a fèt nan kad yon misyon Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé konfye li, pandan li patisipe nan dezyèm Konferans Entènasyonal sou Leta ak Demokrasi, ki reyini plis pase 50 peyi.
Dapre Primati a, objektif misyon an se aprann nan eksperyans lòt peyi pou ranfòse kapasite Leta ayisyen, retabli otorite piblik epi amelyore sekirite nan peyi a.
Sous : Primati Repiblik Ayiti, 17 novanm 2026.🗞️
#CECOT #PatrickPélissier #elsavador #planetnewsht
Nan yon videyo, Raymond Fils-Aimé, ki prezante kòm tonton Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, rejte deklarasyon Olmo Fils-Aimé, frè Premye Minis la, ki akize l dèske li ta enplike nan kidnaping epi li ta ede kreye plizyè gwoup ame ann Ayiti, tankou gwoup Krisla a nan Kafou.
Raymond fè konnen Olmo pa viv ann Ayiti e li pa konnen reyalite peyi a. Dapre li, edikasyon fanmi an bay Alix Didier Fils-Aimé pa ta janm pèmèt li soutni gwoup ame. Li presize tou li pa janm resevwa lajan nan men Premye Minis la pou pran defans li.
#AlixDidierFilsAimé #Krisla #planetnewsht
Madi 17 novanm 2026, jounalis ameriken Jake Johnston pataje sou rezo X enfòmasyon li jwenn atravè platfòm Flightradar24, ki montre youn nan avyon ki te sèvi pou transpòte militè El Salvador ann Ayiti te fè yon lòt vòl nan direksyon peyi a pandan lannwit. Johnston poze kesyon si vòl sa a ta kapab anonse arive lòt sòlda salvadoryen. Sepandan, pa gen konfimasyon ofisyèl ki montre avyon an t ap transpòte nouvo militè, ni ki presize objektif vòl la.
Sous : Jake Johnston (@JakobJohnston), rezo X; done Flightradar24 li pataje.🗞️
#Ayiti #ElSalvador #Salvadoryen #planetnewsht
Animatè dominiken Luisín Jiménez estime prezidan ameriken Donald Trump ta kapab pa kontinye soutni operasyon militè salvadoryen yo ann Ayiti pandan tout dire misyon an. Li fè referans ak posib difikilte politik nan Kongrè ameriken an pou jwenn nouvo finansman. Deklarasyon sa yo soulve kesyon sou avni misyon Nayib Bukele a, men pa gen okenn konfimasyon nan enfòmasyon prezante yo ki montre administrasyon Trump deside retire sipò li.
#LuisínJiménez #Trump #Bukele #planetnewsht
Lendi 16 novanm 2026, pandan operasyon sekirite yo ap kontinye nan plizyè zòn ann Ayiti, Krisla, chèf yon gwoup ame ki baze nan Kafou, pibliye yon videyo sou TikTok kote li montre travay k ap fèt sou yon wout. Nan videyo a, yo wè yon kamyon ki pote asfalt, yon traktè k ap travay sou wout la ak moun k ap sikile nan zòn nan. Krisla fè konnen, malgre tout sa k ap pase nan peyi a, li menm se travay l ap travay.
#Krisla #Kafou #planetnewsht
Pandan yon entèvansyon nan yon emisyon, animatè dominiken Luisín Jiménez te voye yon mesaj bay prezidan El Salvador, Nayib Bukele, konsènan deplwaman militè salvadoryen ann Ayiti. Li deklare Bukele pa konnen reyalite Ayiti ase pou l ap voye sòlda li yo nan peyi a. Li te mande prezidan an pou l pa voye militè yo, paske li konsidere desizyon sa a kòm yon bagay ki twò riske.
#Ayisyen #luisinjimenez #Bukele #planetnewsht
Fòs GSF yo fè konnen yo mennen yon operasyon nan Kanifis, nan nò Gwo Mòn, kote gwoup ame yo te transfòme yon legliz ak yon lekòl an baz. Dapre GSF, sòlda yo reprann kontwòl bilding sa yo ak zòn ki antoure yo, retire plizyè barikad ak tranche ki te bloke wout nasyonal nimewo 5 lan. Pandan operasyon an, senk moun yo sispèk ki fè pati gwoup ame yo pèdi lavi yo, epi fòs yo rekipere zam. GSF deklare objektif operasyon an se pèmèt popilasyon an sikile pi fasil epi retabli prezans Leta nan zòn nan.
Sous : GSF Haiti 🗞️
#GSF #Grosmorne #planetnewsht
Dimanch 15 novanm 2026, yon gwoup 114 manm Fòs Lame d Ayiti (FAd’H) retounen nan peyi a apre yo fin suiv yon fòmasyon militè nan peyi Meksik. Dapre Anbasad Meksik ann Ayiti, plis pase 1 000 militè ayisyen deja benefisye fòmasyon nan peyi sa a nan kad koperasyon bilateral ant Ayiti ak Meksik nan domèn defans. Kolaborasyon sa a vize ranfòse kapasite ak preparasyon militè ayisyen yo.
Sous : Anbasad Meksik ann Ayiti (@EmbamexHaiti).🗞️
#Ayiti #FAdH #Meksik #planetnewsht