EDH anonse black-out total nan Pòtoprens akoz manifestan yo sakaje Pelig nan zòn Mibalè. Nan dat ki te 2 Septanm 2024 la moun Mibalè te pran lari a pou manifeste sou rate kouran an nan zòn Mibalè, plizyè moun ki fè kwè se otorite yo ye vandalize espas la. Nan yon
kominike konpayi an pibliye yè Madi 3 Septtanm 2024 la yo fè konnen ratman kouran sa nan kapital la se pou yon bon tan paske aparèy yo chè anpil e pou fè mentnans landan yo se ankò difisil. Yo mande pou otorite yo ouvè yon ankèt sou endividi ki responsab zak sila.
Sòlda Kenyan yo pral mennen operasyon atè anlè ak sou lanmè pou demantle gwoup gang yo kòmandan fòs Kenyan yo Godfrey Otunge fè konnen atravè yon kominike ki te pibliye ayè Dimanch premye Septanm 2024 la ke yo pral debloke gran aks yo pou pèmèt moun yo sikile. #Htv93#HtvSept2024
Jwez Foutbòl Brezilyen an Marta anonse fiyansay li ak Jwez Carrie Lawrence koyekipye l nan nan klèb Orlando Pride, yo ansanm depi 2022 e yo deside fiyanse pandan ane 2024 la, n ap raple Marta te kite ak Toni Pressley. #Htv93#HtvAoût2024
Dezòmè li p ap posib pou ni abiye ak gen menm koup ak pitit fi Prezidan Nò Koreyen an Kim Jong-Un se sa otorite lokal yo anonse, si yon moun vyole règ sa li riske fè travay fòse ak reedikasyon nan prizon, Kim Ju-ae se non pitit fi Prezidan Nò Koreyen an. #Htv93#HtvAoût2024
Pou yon dezyèm fwa Prezidan peyi Elsalvadò a Nayib Bukele di pou yo ba li rezoud kriz ki gen an Ayiti a nan moman la, selon sa l fè konnen, Nasyonzini dwe pran yon rezolisyon epi li menm pou l fè travay la ki se rezoud pwoblèm gang lan nan peyi D Ayiti. #Htv93#HtvAoût2024
Aprè Etazini fin sanksyone Michel Joseph Martelly konsekans sanksyon yo se entèdiksyon pou bank Amerikèn yo prete oubyen ba l kredi, entèdiksyon sou tout tranzaksyon li gen enterè. Epi pyès Ameriken pa ka fè tranzaksyon ak li. #Htv93#HtvAoût2024
Etazini sanksyone ansyen Prezidan Ayisyen an Michel Joseph Martelly nan yon kominike yo pibliye jodi Madi 20 Dawout 2024 la, yo fè konnen li itilize enfliyans li pou fè kokayin antre nan peyi Etazini, yo akize l tou pou blanchiman lajan epi lyen ak gwoup gang ame nan peyi a.
Minis Jistis la Carlos Hercule atravè yon nòt ki pibliye ayè Lendi 19 Dawout 2024 la anonse Gouvènman Ayisyen an renouvle pou yon mwa eta d ijans sikiritè sou divès Depatman tankou Lwès, Sant, Nip, Latibonit san pa bliye awondisman Plezans ak Lenbe. #Htv93#HtvAaoût2024
Selon Rezo k ap defann dwa moun RNDDH gen omwen 66 moun ki asasinen oubyen ki disparèt nan zòn Gresye ak Kafou sòti mwa Janvye pou rive mwa Jiyè 2024, nan yon rapò yo pibliye nan dat Jedi 5 Dawout 2024 la. #Htv93#HtvAoût2024
Yon etid Swis revele plis yon gason ap gade pòno se plis bann li ap diminye. Yon etid ki dire 3 lane sou efè pònografi fè tout moun sezi kote yo fè konnen depi yon gason ap gade pòno anpil se plis satisfaksyon seksyèl li ap diminye. #Htv93#HtvAoût2024
Y ap f on kanpe pou on ti tan sou pwodiksyon nouvo paspò yo apati Lendi k ap 19 Dawout 2024 la. Se sèvis imigrasyon ki anonse sa nan yon avi yo pibliye Vandredi 16 Dawout la, rezon an se paske anpil dosye paspò bloke nan sistèm lan, e sa pral pèmèt yo travay pi byen. (Sous : LSV)
PNH mete dife nan yon chan mariwana Mèkredi 14 Dawout 2024 la nan Depatman Sidès pi presizeman nan Komin Bèlans, selon medya an liy RFM chan mariwana sila te nan yon demi kawo tè. #Htv93#HtvAoût2024
Sonje di mennaj ou, fanmi w, zanmi w ki lòtbò dlo pou yo voye minit pou ou ak Ding nan sèlman 3 segond telechaje l sou Play store / App store oubyen ale sou sit web https://t.co/2kaT2roqck lan itilize kòd pwomo Savoir D'Haïti an HAITI509 pou kapab jwenn 75% rabè sou premye
(1/2)
Selon jounal Ameriken an Miami Herald Prezidan Kolonbyen an Petro Gustavo vle vizite peyi Dayiti aprè envestiti Prezidan Luis Abinader nan peyi Repiblik Dominikèn toujou selon Miami Herald otorite Ayisyèn yo estime jan sitiyasyon peyi a ye aktyèlman la vizit sa parèt enposib.