🛑 Tris Nouvèl ! Chantè Gitaris #Tabou Combo a Dadou Pasket mouri Jodi dimanch 23 novanm 2025, ak 72 Lane apre plizyè tan li tap soufri anba maladi
Yon Nouvèl Fanmi defen an anonse sou Rezo Sosyo jodia , ki mete anpil tristès nan kè yon pakèt Fanatik li
🛑Venise Production & le CISC-Canada ont le plaisir de vous inviter à participer au gala de la réussite qui se tiendra le 6 décembre 2025 au salon Hoche à Paris . Réservez vite vos places , ce sera merveilleux ! 💥💥💥 #veniseproduction#cicscanada#emelinemichel#BIC
Plizyè regwoupman Pati Politik tankou #COPPENA33, #G8PA, #RAVA... ansanm ak Sosyete Sivil la, nan yon Nòt kap sikile sou Rezo Sosyal yo andose Kandidati Antreprenè #AlixDidierFilsAimé kòm Premye Minis pou asire Tranzisyon an @Iphactualite2
Pòt Pawòl Sektè Jenès la, Jean Baptiste Wesnime pote solidarite ak Jounalis Senyò Lucner Desir ke n konnen sou non Louko Desir kote l kalifye envitasyon Jij Voltaire nan kabinè denstriksyon demen 24 oktòb lan kòm pèsekisyon ak menas pou libète lapawòl,Sektè a sèmante sa pap pase
Jounalis #BlondineTanis jwenn liberasyon l jodia, apre bandi te fin kidnape l nan zòn Dèlma 75 nan dat 21 jiyè pase, apre li fin vèse gwo lajan bay Malfra yo. Nan moman an lap pran swen nan yon Lopital nan Kapital la. @Iphactualite2
Ministè Afè Sosyal ak Travay (MAST) nan vil Okap, lanse Pwogram #Ensèsyon_Pwofesyonèl_Jèn yo jodi madi 25 Jiyè 23 a. Daprè Responsab #Enstitisyon an, pwogram sa mete sou pye nan lide pou ranfòse konpetans Pwofesyonèl jèn ki nan sityasyon difisil nan Peyi a.@Iphactualite2
Komisè gouvènman #Jacques_Lafontant envite Pastè #Armel_Lafleur nan Pakè Pòtoprens demen Mèkredi 4 Janv a akoz demonstrasyon seksyèl li tap fè ak pitit fi l nan Legliz la. Daprè li, Aksyon sa yo ka twouble Lòd Sosyal, epi ki kondane tou nan kòd Penal Ayisyen an .@Iphactualite2
Responsab nan tét pati politik, Alyans Demokratik Nasyonal (ADN) Marie Carine Mathurin,denonse ak tout fòs li move tretman Ayisyen yo ap sibi nan Peyi SenDomeng.Nan sans sa a,dirijan mande ak popilasyon an pou leve kanpe pou dwa yo ka respekte pou yo pa oblije pati kite peyi a.
Chèf Pati Alyans Demokratik Nasyonal (ADN) la Mme #MarieCarineMathurin denonse ak tout fòs li move tretman Ayisyen ap sibi sou tè Dominiken an. Nan sans sa li mande ak Otorite yo pou kreye bon jan kondisyon pou tout Sitwayen ka ret viv nan peyi a san kè sote.@Iphactualite2
Lapolis tire nan tèt nan lakou Komisarya Delma 33 an, Jounalis #RomelsonVilsaint epi bat plizyè lòt Jounalis ki tap egzije liberasyon Jounalis #RobestDimanche Lapolis te arete maten dimanch 30 okt 2k22 an onivo delma 47. @Iphactualite2
Lapolis arete Jounalis #RobestDimanche maten dimanch lan nan kad egzèsis fonksyon l onivo delma 47. Pou kounya Gwo Mouvman pwotestasyon nan Komisarya Delma 33 pou egzije liberasyon l prese prese.@Iphactualite2
Bandi ak zam tire Militan #Jean_Denis ayè jedi 20 oktòb 2k22 an nan Petyonvil. Daprè fanmi l Msye te toujou ap resevwa anpil menas apre Baton #MagalieHabitant te pran nan manifestasyon an, akoz li te 1 nan Nèg ki te motive Pèp la pou wonfle #Magalie . @Iphactualite2
Divès Paran nan Sosyete Sivil la tankou Chofè Machin, Pwofesè, Timachan elatriye mande pou Leta Ayisyen pran responsablite yo pou Lekòl la ouvri. Yo deja peye kòb nan Direksyon yo. Fòk Gouvènman #ArielHenry an desann pri Gaz la akoz yo pa kapab ankò. @Iphactualite2