@KimHaiti93 Pi bon gadyen Am sud la tap drive la okenn ekip pa al chèchel! Chelsea san gadyen, li pa pranl, Man City te bezwen yon gadyen yo pa pete bal Santi, City annik tande Donnaruma pu piyay yo kouri pranl. Alon pi gwo gadyen sa papa!!
@KimHaiti93 Ou gen posizyon m'trouve ki pa sanse pou yon jounalis ki konn football. Lè yo di yo Mobutu(Mbappe) se prob ekip lan! Nou gen tandans di: oh li fè pil gòl? Depiw kraze ekilib taktik ekip la, ou mèt fè 80 gòl su yon sezon li pap itil anyen. Al gade extrè video sa.
@Gaelleactrice Donk nan pati sa pa gen egalite? Pa gen feminis? Kategorikman se gason ki pu gen plis kob.( Pe enpot fanm se yon bouda chire ou pa). Wè machè. Nap byen defann nou.
⚠️⚠️⚠️Ou konte etidye Etazini 🇺🇸ane sa!?
Sa se pou ou!!!👇🏾
Fè chwa yon etid USA konn yon etap ki trè difisil sitou si ou pa gen eksperyans entènasyonal deja oubyen si se pa yon pwogram etid kap akeyi w. Ou ka pèdi tèt ou, pèdi konfyans nan tèt ou e menm arive fè move chwa ka p koute w tan, enèji ak lajan pi devan. Si ou gen entansyon aplike pou inivèsite 🇺🇸ane sa, pòs sa ap itil ou.
📌Mete anglè sou ou. Wi, wap bezwen anglè a menm pou w demare. ( Si w pa ko ka pale lang la, li pa ta dwe bloke w nonplis). Anglè a se yon premye zouti kap edew deside pi byen e konprann pi byen ki sa w vle e ale pi vit nan pwosesis la. Majorite pwogram entènasyonal ekzije TOEFL/IELTS/IBT depi w fèt nan peyi ki pa pale anglè. Kidonk, degaje nou speak*!
Sa yo se sit ofisyèl ou ka pran tès anglè yo.
-https://t.co/a8AIt8MVx8
-https://t.co/mBrODdN1ur
Ou ka pran tès sa yo swa online/onsite.
📌Pa pè switch!!!* Sa enpòtan. Avan tou, sonje w se imigran. Toujou met nan tèt ou wap eseye mache a. Se yon lòt sistèm. Kidonk, pran san w defini kisa w vle etidye. Fè chwa w selon tandans mache a tou. Pa neglije sa. Pa kite moun ni antouraj ou enfliyanse w. Ou pa oblije esklav yon etid ou te kòmanse deja. Chwazi ak estrateji. Gade ki opòtinite etid la ap ofri w menm avan w angaje w ladan l.
📌Li enpòtan pou w evalye tout papye lekòl ou genyen si w te etidye deja. Gen yon fòma standa ke yo ekzije. Sistèm 🇺🇸 se kredi ak GPA yo plis konsidere. Gen enstitisyon ki la pou sa. Pa panike! Wa jis bezwen yon ti lajan pou pwosesis la.
Sa se kèk sit ou ka tcheke pou sa:
-https://t.co/m16QzD7fAx
-https://t.co/endtx4FHK4
Gen inivèsite ki ofri sèvis evalyasyon tou. Nan ka sa yo, ou pap oblije fè sa apa.
📌4- Menm si w pa gen papye(Green Card sitou), ou ka chèche bous detid. Gen anpil ki disponib. Toujou konekte ak kominite sèvis soyal imigran nan city wap ye a pou w ka okouran de tout opòtinite ki la pou sa. Gen anpil platfòm nan mond lan ki toujou poste sa yo tankou:
-OYA Opportunities
-LinkedIn
-Collegeboard
-Fastweb
🛑Fè atansyon ak scam* sou entènèt la pou evite kriye. Sonje, ou ka toujou chèche bous dirèkteman nan program inivèsite yo tou.
📌 Pa bliye,ouka toujou aplike pou èd leta oubyen loan/grant. Ke w gen papye ou pa, gen èd ou elijib antanke etidyan entènasyonal/rezidan. Sa se kèk sit ki ka edew toujou:
1-https://t.co/XOMl0WH2JN (FAFSA)
2- NAFSA
3- Nova Credit/ Discover Student Loan
Pataje l ak yon zanmi w!✊🏾
You can make $5000 per month, If you've:
1. A laptop
2. Internet
3. Faceless YouTube Channel
Here's how to start a Faceless YouTube channels in the next 30 days:
@walabre13 Senp!! Video a su yon sèl platform tout moun fokis su sèl platform sa ki se YouTube tandiske mizik yo su plizyè platform tankou Spotify, iTunes elatriye ki vle di m'pa oblije al tande mizik la su YouTube pandan m'gen Spotify. Men sa yon moun ki pou diw li tou.😤😤