Pa renmen ak yon moun ki renmen nou sèlman. Men, renmen ak yon moun ki renmen Moun e ki konn valè Moun tou. Jou demen si lanmou an etenn, sekrè yo va ret kache pou byennnèt nou.
Gen yon dal "vyolans seksyèl" k ap fèt sou medam yo an Ayiti depi kèk tan. Bagay yo regle an katimini paske malfra yo konnen medam yo ap pè pran chemen lajistis, pou imaj yo ka ret bèl. Men m panse, nou medam, nou dwe kase chenn sa a, sinon se legen n ap kontinye bay vakabon.
Ces jeunes entrepreneurs bénéficieront d'un accompagnement technique et financier pour le développement de leurs projets dans divers secteurs d'activité.
Konpayi sa a ki rele " Sunrise Airways " la, si li pa ka bay bon sèvis, se pou Leta Ayisyen fèmen l oubyen fè l pran fòm kò l. Paske twòp moun ap plenyen pou li. M pa kwè nou oblije tann li fè yon gwo dega piblik pou n ap vin reyaji aprè. Antouka...
Si w jèn epi w ap viv alèz san enkyete de anvi w, ou gen pwoblèm. Menmsi yon pi gran ta kite yon eritaj pou ou, fòk ou jere l pou pa tonbe sou bounda ; san pale pou si w ap kòmanse a zewo. Souvan li nòmal pou pa gen somèy, pa ka byen manje, pèdi kèk zanmitay pou ka reyisi.
Ki sans sa t ap genyen si reyalize rèv ou yo te fasil. Kote glwa a t ap ye ? Kisa kouraj, pasyans ak sakrifis ou yo t ap vo ? Anpil fwa lavi a parèt difisil pou ou, se pa paske w nan move wout la, se pati ki pi difisil nan bon chemen an w ap travèse.
Sof si se ta volonte li, men si se pa sa, li vrèman inakseptab pou yon moun tankou @wilkytoussaint pa gen omwen 5 gwo esponnsò k ap sipòte travay li a. Nan nivo sosyete nou an ye la, menm ak yon ti kras, nou ta dwe ankouraje jèn ki chwazi pwodui bagay k ap itil yo.
Moman lagè, se moman anpil fo nouvèl ak enfòmasyon pou manipile moun pataje plis. Tout medya vle enfòme avan, tout moun ka jounalis.
⚠️Fè atansyon ak medya n ap li yo.
⚠️Fè atansyon ak videyo IA yo
⚠️Toujou doute de tout nouvèl, jouk ou rive konfime l ak plizyè lòt sous fyab.
Mwen bezwen 2 jèn (vizyonè) k ap viv Ayiti, ki poko ap travay e ki ka kreye oubyen jere yon sit web.
Nb : se pa yon djòb m ap bay, se yon pwojè nou pral eseye monte ansanm.
Se pa paske w pa gen menm ideyoloji ak yon moun pou pa bat bravo pou li lè l fè yon bon bagay. Se pa paske w kòkòday yon moun tou ki fè w oblije dakò avèk li lè l fè yon bagay, menmsi w ta konnen li pa bon. Aprann reyaji ak onètete se evite parèt "fake" pou fè moun plezi.
Souvan w konn ap kouri dèyè yon grenn pen, poutan w gen kapasite pou fè yon " boulanjri ". Kidonk, li toujou pi bon lè w chèche konn kilès ou ye epi idantifye sa w vle avan w derape.
Menmsi se ou ki ta gen plis volonte nan mond lan, gen bagay ou p ap janm ka chanje. Pafwa ou oblije mare kè w epi kite l mache, menmsi se pa sa w te vle.
Kisa ki HMI la menm ?
Ki baz egzistans li ?
Kilè yon Atis fè pati HMI ?
Ki tandans mizikal ki akseptab nan HMI ?
Kilès ki nan tèt HMI la ?
Ki estati jiridik li ?
Kilè l te fonde ?