Pa janm metew nan pozisyon pou'w rive nan goumen ak Kochon, paske nou tou 2 ap sal, sèl diferans,Kochon an remen lè li sal🧠. Re Lil ankò Chanpyon...#JBEA#Motivaction
Pa Janm Mete 2 pyew nan dlo a, lèw ap tcheke pwofondè basen a, ou pa janm konnen, li gen dwa pi fon ke sa ou te Imajine a. Kite yon pyew sou tè.
Sispann fè moun konfyans, siw pa vle blese yon lot fwa💔😭😢
Sèlman sa mwen renmen isit Etazini, selon jan ou mennen bak ou, ou tou gentan konnen koman vyeyès ou pral pase. eske wap tounen #Homeless oubyen eske wap pran #retrèt. Echwe Etazini pi rèd ke echwe Ayiti selon mwen.
Anpil polisye, bat bravo pou DG #Normilrameau ki chwazi komisè #Malon pou vin nouvo responsab #DAP. Selon anpil polisye, komisè Malon konnen sistèm prizon an trè byen. yo panse se youn nan pi bon chwa ke DG Normil te ka fè. #jbea#pnh
#Weekend Revolisyon an pran poz... #Kanaval revolisyon pran poz...
#Jou_konje revolisyon an pran poz...
#L4nmò#BSAP revolisyon an pran poz...
BON Mesye kisa nou gen ak lekòl menm, depi pa gen lekol pa gen revolisyon?
Sp:Ariel Se g@ng ou ye...
Youn nan premye Demach #Guyphilippe te fè, apre li te sot nan priz0n nan peyi Etazini an, se kontakte yon manm enfliyan nan gouvènman #Ariel la, nan lide pou li te ka touche Swadizan manda Senatè li a.👌 Se pa revolisyon nou ap tann🤦🏽#jbeal_intrepide
@Tjozenny31 reyisi kote nèg @VICE2K yo echwe.Mizisyen T_Vice yo toujou ap plenyen di akoz koulè yo, fè piblik la manke valorize travay yo. Ebyen T_Joe Itilize koulè li, poul montre se pa koulè nou ki fè diferans lan, Se kè ❤️ nou, se jan nou pataje lanmou ak antouraj nou #JBEA
Mwen sonje epòk #leoncharles te voye chèche yon pakèt polisye an pwovens, pou vin kraze manifestation nn potoprens,Pov polisye yo ki pa menm konn channmas menm,yap trase kata anba kout wòch militan channmas. Tout saw tande a,nèg yo t bezwen mete Jojo an konfyans avan yo livre li.