@Caleb_Jephte Maten an m'ap fè refleksyon sa ak yon ko-animatè Caleb. Nèg Concacaf sa yo bay problèm anpil. Kòm si yo pa wè sa... Lig A vle di pi gwo ekip yo se la yo ye. Kijan pou m 1er nan lig A pou m poko kalifye pou @GoldCup . Epi yo ekip ki 1er nan Lig B kalifye dirèk. Bagay TÈT ANBA
@ralphganthier Aprè deba sa, Ralph oblije pran ekzil wi. Fanatik Messi ak Ajantin te soti pou yo touye bibliyotèk anbulan nou an wi, blòk konesans lan wi. Fanatik sa yo pa vle tande verite non. 😁😁
@ralphganthier Ki te Flick jere ekip la konsa tande. Tann m'ap tann yo elimine nan Champions League la pou sezo foutbòl mwen fini, pou m ka al konsantre m sou Mondyal 2026 FIFA. 😆😆😆
@ralphganthier Prestianni, se pa Ajanten li ye? Kisa ou te vle l di ankò @ralphganthier ? Yon pèp k'ap efass listwa l pou l pa gen moun nwa nan listwa l. Yon pèp ADN li ekri rasis ladan l. Mwen pa etone ditou de konpètman Prestianni vizavi de Vinicius Jr.
@jpehaiti Dumornay a se yon la fyèv vre wi JP. Nivo refleksyon jwèt li tèlman wo, teknik li depase tout lòt yo. Li se pi gwo atlèl Ayisyen ke nou pa janm wè.