Tout pale anpil sa yo montre gen nan nou ki poko reyalize vrèman nan ki nivo Ayiti rive jodi a. Mwen te kwè reyalizasyon istorik sa a t ap mete nou ansanm, menm si se te sèlman pou yon mwa.
Kijan nou espere enspire pwochen jenerasyon an si se konsa nou trete moun ki rive fè sa okenn lòt jenerasyon pa t rive fè pandan 52 ane?
Pa gen moun ki pafè. Nou pap janm nan plas Grenadye yo sou teren an. E mwen garanti nou yon bagay: pèsonn pa gen plis anvi fè gòl, genyen match, epi fè Ayiti fyè pase jwè sa yo. Se ak motivasyon sa a yo te rive kalifye, pandan yo pa t menm gen chans jwe nan peyi, e pandan majorite nan nou pa t menm konnen kiyès yo te ye.
Kritike se yon dwa. Men rekonèt efò, sakrifis ak grandè reyalizasyon ti mesye yo se yon responsablite tou.
Pou Ayiti. 🇭🇹
Even with the loss, I’m very proud of the team’s performance last night. It showed to our haters that Haiti earned its spot fair and square to be on the big stage.
Leve li jou !!! Leve leve, al devan pòt kay vwazen w, di lònè, l ap reponn respè ! Wete chapo w, wete sapat nan pye w, rantre bal akolad ! Di l NOU NAN BATAY ! La p sèvi w kafe nan yon gode emaye, pran kasav ! Apre bwè ti dlo epi di lanati bonjou, di zansèt yo men jou a rive !!!