Mèsi ,Antanke yon Moun ki te nan diplomasi tou,mwen panse background li enteresan sitou sil te egzèse sou li. Men map di jan m te di pou lòt kandida tou, refòm jidisyè a sitou pou yon sekirite o maksimòm enpòtan anpil sitou si gang yo ta fin derasinen tout bon,pou yo pa refè pepinyè ankò. Mwen pral gade de li.
M ta renmen non selman ankouraje jèn kap viv an Haiti enpotans eleksyon ki pral vini la,men tou aprann de yon kandida ase pou m gade sim ka voye jenn al vote l,menm si m vrèman doute si map konfòtab ase pou yon angajman pèsonèl konsa.
Men vote a vrèman enpòtan,m pa ta renmen jenerasyon kap vin la kontinye viv sa pam nan te viv e ap viv la….🇭🇹❤️
Ok mèsi mwen pral gade li,mwen swete jwenn yon refòm jidisyè tou nan lis program li a,Paske sistèm nan kontonpi anpil e se chèn ak pilye stabilite gang yo espesyalman.
Paske Nou dwe konsidere èd Bukule a tankou sèl okazyon e tou bati yon sistèm ak fòs pou kenbe peyi a an sekerite o maksimòm.
@USEmbassyHaiti Kijan mwen ka retrouve yon foto ou record de visa approval 5ans mwen an si paspò m arive disparèt?se te an 2016.
Mwen selman gen email lè yo Mande m al cheche paspò a nan dhl la selman.
Si yon moun ta konnen Kijan tou,svp pataje Kijan pou m ta fè a avèm. Mèsi !