E si ou te ka fè plis nan mwens tan, san'w pa bezwen manyen telefòn ou?
ASISTAN VOKAL ENTELIJAN yo pa yon LIKS, yo se PATNÈ chak jou pou fè lavi'w pi fasil.
Glise ekran'w monte pou'w dekouvri kòman 'Ok Google' ka chanje lavi'w! ⏬
[ Thread 🧵]
#𝐑𝐞𝐬𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞𝐬: Pandan nap chèche job toupatou pou ede nou genbe konpa, aswè a mwen pral pale nou de “Job Fair” ki se youn nan pi bon fason pou nou jwenn job pa bò isi. Mwen pral ba nou detay kòman pou nou tire avantaj de li epi envite nou nan 2 “job fair” ki ap fèt demen.
Nou pa vrèman gen pratik “Job fair” an pa bò lakay paske majorite job yo se ti zanmi, referans, akwentans politik ak tiboubout ki bay anpil moun job. Men pa bò isi mwen pa di sa pa ekziste men li trè minim paske job se konpetans ak kalifikasyon ki bay sa.
▪️“Job Fair” se yon okazyon kote Konpayi ki bay travay yo (employers) ak moun ki ap chèche job (Job seekers) jwenn ansanm nan menm espas pou zafè travay. Nan okazyon sa Konpayi yo kominike job yo genyen epi moun ki ap chèche job yo pwofite pran enfòmasyon, jwenn ak “recruiter”, mande entèvyou elatriye.
Jou “job fair” fè se pa jou pou abiye nenpòt kijan, abiye tankou yon pwofesyonèl, se pa moman pantalon sou jenou bredjenn, se pa moman kòsay san soutyen, madanm! La se moman ou pral vann tèt ou kòm pwofesyonèl pou kelkeswa job ou pral aplike a. Pa bliye mache ak CV ou san ou pa bliye te voye l sou email ou.
Youn nan bagay ki enpòtan tou prepare yon ti entwodisyon de tèt ou, pase devan chak “employers”, pran flyers, pran biznis kat, pran email, poze
kesyon epi note website yo ak pozisyon ou enterese yo. Yon teknik ki mache byen tou nan menm aswè a voye email pou kominike ak konpayi an epi raple yo ou te jwenn yo nan “event”
la, ou te rankontre yo, estrateji sa mache anpil.
Si ou fè tout sa ou wè ki nan tweet la, mwen garanti w wap jwenn yon entèvyou epi wap jwenn yon job paske w te byen pwofite de “job fair” an.
An pasan #followers ki nan Florida | Port Ste Lucie, ap yon gen 3 gwo “Job Fair”
demen kote ap gen anpil “employers”, mwen envite nou ale fè esperyans lan. Pou plis èd nou ka DM mwen san pwoblèm.
#Tips: Pou nou chèche “Job fair” ki tou prè nou, nou ka ale sou #eventbrite👇https://t.co/LJEmK4XQxA.
#Pataje ak zanmi nou.
--------------------