Youn nan gwo avantaj San Antonio Spurs gen sou tout ekip nan NBA a, yo gen yon gwo kolektif, ki fò, ki chaje talan e jèn epi yon gen jwè ki ka fè diferans lan tou nan gwo match yo ki se Wemby #GoSpursGo
An 2026, pyès peyi p ap devlope nan gaspiye tan, nan mete jèn an reta. 7 fevriye ap pwoche an Ayiti, depi nan 5 fevriye ou tande anpil lekòl gentan soti nòt pou di yo p ap fonksyone 6 fevriye. Ki sans bagay sa menm?
Pa ka itilize PayPal la pa pi gwo pwoblèm pou anpil jèn travay anliy, men se pito koze bon entènèt ak enèji ki fè yo pa ka rantre nan mond sa, paske se pa tout ti jèn k ap kòmanse ki ap kapab peye starlink epi mete yon sistèm enèji solè lakay li.
Gen anviwon 130–140 peyi ki ka itilize PayPal san pwoblèm.
Ayiti pa ladan yo. Sa fè anpil jèn ki Ayiti pèdi opòtinite travay remote.
An 2026, kisa sektè prive a ap fè pou chanje sa?
Pandan tout pale anpil sou koze vèvè ki nan mayo seleksyon nasyonal la, mwè yo piti nou kalifye pou koupdimonn lan, bon e si n ta fè yo pi gwo nan tout kò mayo a