Lè mwen fin tande Eric Jn-Batis nèg bòlèt la, lafyèv pranm telman m sezi. Mwen poze tèt mwen kesyon eske' n ka fè moun konfyans nan peyi sa a. Eric twalèt sou tonm Pwofesè Lesly F. Manigat lè li aksepte fè djòb sal sa a. Li kraze RDNP, li tante kraze mobilizasyon pèp la. Vagabon!
Mwen panse Jovenel gade li pa wè, li koute men li pa tande, li konsidere tout moun nan peyi a tankou moun ki anraje menm jan ak li, fok nou moutre Jovenel ke peyi a gen moun tèt dwat ladan l toujou, peyi a gen moun serye toujou, se pa tout moun nan peyi a ki tankou l. Aba volè.
Mwen voye senpati mwen bay RSF, Laprès ak tout fanmi Douze ki frape pa asasina gwo jounalis sa a. Nou pèdi yon solda men nou pap pèdi lagè a. Wè pa wè asasen yo prale. Peyi sa a pa gen plas pou vòlè sa yo nan tèt li. Batay la chanje kounyea, à la guerre comme à la guerre.
Jovenel ak akolik li yo touye Pétion Rospide alias Douze men mwen ta renmen di Jovenel san Douze pap koule pou granmesi, san l se gaz ki limen plis sou flanbo mobilizasyon an ki ekzije demisyon Jovenel.Wè pa wè Jovenel prale nan prizon, asasen sa a plas li se penitansye nasyonal.
Wè pa wè Jovenel prale paske san pèp sa a pap koule pou granmesi. Mwen pote tout sipò mwen bay tout moun kite prezan nan gwo jounen manifestasyon sila a pou ekzije demisyon ak arestasyon Jovenel ak tout akolik li yo. Istwa pèp sa a trop bel, li paka kite volè ap dirijel.
Nou wè poukisa Jovenel Moise tap fè konplo ak depite chanpwèl li yo pou akize Manb koudèkont yo. Li gen 2 fim chak fim yo gen menm nimero pou yo vòlè lajan Petrokaribe a. Si Jovenel te gen fanmi li ta dwe gentan demisyone epi pran rout penitansye. Pèp la jwèt pou ou.
Mwen salye ak tout fòs mwen kouraj ak detèminasyon 4 gwo vanyan kòlèg Senatè sa yo: Nenel, Kto, Rica ak Evalière nan batay yap mennen pou fè respekte manman lwa peyi a. Sa raplem angajman m te pran nan group 6 Senatè yo nan defann peyi sa a kont asasen sa yo nan epok pam nan.
Jou peyi sa a gen moun onèt, serye nan tèt li, jou pèp sa a sispann vote vòlè, dilè drog, kriminel ak kowonpi met nan palè nasyonal ak nan palman an, lè sa a pèp Ayisyen an a rale yon souf. M espere yon jou lajistis nan peyim ap bon e lè sa a na sispann mete vòlè nan tèt Leta a
Kisa Jovenel ap tann poul ale menm? Kiyés ki ka banm repons lan. Ta sanble mesye pa gen moun bò kotel ki pou pale ak li. Ta sanble li pa tande ni wè sak kap pase nan peyi a, li pa tande tou sa kap di kont li. Grangou pèp la pa dil anyen, blakaout la pa dil anyen.
Bonne année à vous tous. Santé, prospérité, longévité, la joie, l'amour et la paix tels sont mes voeux de bonheur pour tous les haïtiens durant toute l'année 2019. Que Dieu dans son immense amour vous bénisse et vous protège abondamment.
Pati politik MOPAM ak mwen menm senatè Joseph Joël JOHN, santi' n tris anpil devan zak dife ki detui lokal patrimwa'n sa a ki se Radio Kiskeya. Nou pwofite moman sa a pou nou voye senpatin bay tout ekip Radio Kiskeya espesyalman Mme Liliane Pierre Paul, Stéphane,Marvel, Beethoven
Eske pèp sa a prè aswè a poul kontinye pran manti nan men Prezidan Jovenel ankò? Epi ki pawol Jovenel ka pote bay pèp sa a ke demisyon l. Pèp la paka kenbe ankò, li pa vle manti ankò, lap tann diskou demisyon Jovenel nan tèt peyi a.
Président Jovenel où est passé votre force armée rémobilisée d'Haïti? Pourquoi n'avez-vous pas l'utilisé pour aller à Vertière puisque la police et vos hommes habillés en police ne peuvent vous donner acces à cet endroit? Repondez-moi ces deux petites questions. Quel dialogue!
Lèm fin tande député Esaïe Prophète maten an kem sote, si pèp sa a leve an kolè kont vòlè ak kostim ki swadizan gen manda pou defann li se pap fot pèp sa a. Fok vòlè sa yo sispann met kouto anba goj menm pèp sa. Mwen gen espwa yon jou kan menm pèp sa a gen pou l leve nan domi
Si lajistis ta vle fè travay li tout bon vre, si peyi sa a ta rive jwenn yon jij ki pa koronpi ki deside aplike la loi sou vòlò patap gen kote pou mare nèg ki vòlò lajan Petrocaribe a. Anpil nèg ak kol pral chef nan penitansye. M espere peyi a va gen chans jwenn yon jij ki onèt.
Lajan Petrocaribe sa a gen pou mete apse sou klou, fok komisè yo espesyalman Senatè Youri ta bay eksplikasyon sou rezon ki fè l te retire non Evans Paul nan premye rapò a, paske nan yon ane selman Evans Paul ak Martelly boule plis pase 505,648,493.13 $US pou selman 3 rezolisyon.
Mwen ap pwofite anonse ke pati politik MOPAM ak mwen rejwenn sektè demokratik la poun ranfòse batay la e rive toutbon vre delivre peyi a de koronpi sa yo ki nan tet leta a.
Mwen espere tou yon jijman ekitab kote sa ki volè lajan Petrocaribe a va pini kom sa dwa e pèp Ayisyen va rive pran konfyans nan Jistis peyil.
Mwen espere wè nèg ki gen non gwo zotobre, bel kravat kap antre penitansye pou vòlè. Penitansye pa ka fèt selman pou ti malere.