SALVADÒ / PREZIDAN BUKELE / AYITI: MÈSI POU JÈS SOLIDARITE SA A!
Mwen voye senpati mwen bay Gouvènman salvadoryen an, pèp frè Salvadò a, ansanm ak fanmi sis sòlda ak teknisyen salvadoryen ki pèdi lavi yo pandan y ap pote kole ak Ayiti nan batay kont ensekirite ak zak bandi.
Se yon gwo doulè pou nou pèdi moun nan sikonstans sa yo. Mwen pataje lapenn fanmi viktim yo ak tout pèp salvadoryen an.
Ayiti ak Salvadò se 2 peyi nan Amerik Santral ki gen anpil rezon pou youn solidarize ak lòt. Pwoblèm youn dwe touche lòt, paske sekirite, lapè ak estabilite se enterè nou tout.
Mèsi, Salvadò! Mèsi pou jès solidarite sa a anvè pèp ayisyen an. Solidarite ant pèp se yon fòs ki pa dwe janm febli!
#AnnFelAnsanm
#Sekirite
#Salvador
#PNH
#FADH
#Followers
Mwen pran angajman pou m ale rankontre JÈN YO, koute vwa yo, konprann priyorite yo epi mete yo nan sant aksyon pou avni peyi a.
Jèn yo pa dwe senp espektatè, yo dwe aktè prensipal nan transfòmasyon peyi a!
Ann fè tande vwa nou, ann pran responsabilite nou, ann konstwi demen an ansanm!
Pa gen transfòmasyon san enplikasyon JÈN YO!
#ANNFÈLANSANM 🇭🇹
#JènYoSeFòsChanjman
#Angajman #Patisipasyon #Aksyon #Ayititransfòme
18 NOVANM 2026 | 223 LANE BATAY VÈTYÈ
Nan dat 18 novanm 1803, zansèt nou yo te ekri youn nan pi gwo paj listwa limanite nan batay Vètyè. Yo te goumen ak kouraj, detèminasyon ak lanmou pou libète, pou yo te ka fè Ayiti tounen premye Repiblik nwa endepandan nan mond lan.
Se Domaj Ayiti tonbe nan sityasyon li ye la a!
Se yon obligasyon istorik pou n remonte pant lan.
Pou n rekonstui peyi nou!
Pou n rebati konfyans ak espwa pou tout moun!
#ANNFÈLANSANM#ayititransfome #91
Haïti doit reprendre le contrôle de son territoire, restaurer l’autorité de l’État et garantir la sécurité de ses citoyens.
La souveraineté se défend aussi par la capacité de l’État à protéger son peuple.
#Annfelansanm#Ayititransfome
Toutefois, la sécurité nationale demeure une responsabilité souveraine. L’appui international doit renforcer nos forces nationales de sécurité, non se substituer à elles.
Bonjour,
Il est désormais très facile de dialoguer directement avec le candidat Jocelerme PRIVERT et de lui poser toutes vos questions sur sa vision, son projet et ses ambitions pour Haïti, à travers ce site Internet.
••••👇🏿
https://t.co/zmnJrR6flJ
PANDAN 30 DÈNYÈ ANE SA YO, MWEN SE SÈL PREZIDAN KI PA JANM PRAN DEKRÈ POU M DIRIJE PEYI A.
ZEWO DEKRÈ PANDAN MANDA M LAN!
Se pa yon senp bilan. Se yon prèv angajman mwen pou m toujou gouvène nan respè enstitisyon yo, lalwa ak Konstitisyon peyi a.
#ANNFÈLANSANM
Avant de naviguer les tempêtes politiques nationales, Privert a méthodiquement forgé ses armes dans les sciences économiques et la gestion. Son parcours académique dessine le profil d'un expert pointu. Diplômé de l'École Nationale d'Administration Financière (ENAF) en Haïti, il s'y est spécialisé en finances publiques, droit fiscal et comptabilité publique. https://t.co/q1c98Jt2To
✅Mwen te fè ELEKSYON 2016 yo ak lajan peyi a. Se te GRÈS KOCHON AN kI TE KUIT KOCHON AN
✅Sou rezolisyon 3️⃣3️⃣MILYON dola Petwokaribe administrasyon m lan te siyen an:
* 1️⃣5️⃣ milyon te sèvi pou peye dèt mwen te jwenn la.
* Rès 1️⃣8️⃣ milyon an te rete nan kès Leta….
An 2016, mwen te jwenn yon peyi kraze plat atè.
An 2017, m kite yon peyi fonksyonèl ak tout enstitisyon yo kanpe djanm.
Jodi a ankò, nou ka konte sou eksperyans, konpetans ak lidèchip mwen pou n rekanpe peyi nou an!
Se KONNEN ki Fè!
#ANNFÈLANSANM#PRIVERT2027#AyitiTransfòme
J’ai officiellement déposé ma candidature à la présidence de la République d’Haïti, ce lundi 19 octobre 2026, au Bureau électoral départemental de l’Ouest.
Jodi 17 oktòb la fè egzakteman 220 lane depi yo te asasinen Papa Nasyon an, Jean-Jacques Dessalines. Plis pase de syèk apre, rèv libète, souverènte, diyite ak byennèt pou tout moun rete yon apèl pou konsyans nou ak yon gwo responsablite anvè peyi a
Nan tout fonksyon mwen te okipe nan Leta, mwen toujou akonpli misyon mwen nan respè lalwa ak règleman yo.
Jodi a ankò, mwen pare pou m kontinye sèvi peyi m avèk diyite, entegrite ak responsablite.
An 2016, mwen te fè ekzakteman sa m te gen pou m fè kòm Prezidan pwovizwa.
Durant ma longue carrière, mon premier souci a toujours été de bien gérer et administrer l’Etat.
J’ai la formation pour ça. J’ai l’expérience pour ça . J’ai le leadership pour ça.
#ANNFÈLANSANM#followers