Gad Kòt ameriken yo sove 66 migran, pami yo sèt (7) Ayisyen, ki te abò yon bato ki te chaje ak twòp moun epi ki te nan yon sitiyasyon danjere toupre Pòtoriko. Swasant-twa (63) nan migran sa yo deja rapatriye. Otorite amerikèn yo raple vwayaj ilegal sou lanmè yo gen anpil risk ladan yo, epi migran yo entèsepte sou lanmè oswa arete sou tèritwa a p ap gen otorizasyon pou rete Ozetazini ni nan okenn teritwa ameriken.
___
Les garde-côtes américains ont secouru 66 migrants, dont 7 Haïtiens, à bord d’une embarcation dangereusement surchargée au large de Porto Rico. Soixante-trois d’entre eux ont déjà été rapatriés. Les autorités américaines rappellent que les traversées maritimes clandestines sont dangereuses et que les migrants interceptés en mer ou appréhendés à terre ne seront pas autorisés à séjourner aux États-Unis ni dans un territoire américain.
___
The U.S. Coast Guard saved 66 migrants— including seven Haitians—from a dangerously overloaded vessel near Puerto Rico. 63 have already been repatriated. Illegal maritime journeys are dangerous, and migrants interdicted at sea or apprehended ashore will not be allowed to stay in the United States or a U.S. territory.