Men sa m fè, m kreye yon gwoup ak @vavaayiti , @WMozeau , @zile_35 epi @DjodjoAtzy ; m di yo men ki sa lide #SANS la ye. M mande yo banm #kòvè a.
Aprè sa m kite yo sou gwoup yo...
Sou mizik sa @BenkeleBeatz, @mawonanndi ak @Emmy_officiel17 tankou 3 moun ki kouche sou yon do kay yon mèkredi swa k ap konte zetwal epi siveye lalin lan k ap jwe lago kache ak nyaj yo.
Franchman, flow ak delivery Mawon nan mizik sa s on travay wòdpòt👌🏾
https://t.co/oJo0PwtZcy
M abit on vil mo san mi san pòt
San bri san kont m debit on pil mo
Pou kreye SANS jis bezw on minimòm…
Ep SANS disponib kounya !!! Èzli👌🏾
https://t.co/iwGQDct7Nz
-Imajinasyon
-Imajinè
-Imaj
-Degi
Pou mwen 4 eleman sa yo fondalnatal pou debouche sou Ekriti Bosal la, @mawonanndi s on Powèt Ayisyen nan tout sans mo a.
N a gen tan pale sou ki jan sa pran fòm nan Hip-Hop la!!!
M pote pwa mo m tankou se bout sak sou zepòl
Santi m febli m anvi rive gramè m apèn ap souke kò l
Vèb doulè m pa pase san tras men
Chak fraz gen mak ase pou fè san tras men
Ta ka touche chak zòn nan kò w tèlman imaj yo vrè
Chak pwen vigil ka apezan lè l leve sou vizaj yon frè
Èz
Mwen grandi nan tande w
W aprann mwen plis ke sa w panse
W ofri plis ke sa m mande
Toutan n ap mache ansanm nou gen garanti n ap vanse
Nou se Konpè, ou ka konte sou mwen …
@mawonanndi voye nimewo Jinyò Gama pou mwen😃
2023, yon lane difisil… Anpil nan nou te kache, kouri, e menm viktim. Nou pèdi zanmi, fanmi, vwazinay elt.
Men nou reziste.
Mèsi paske w reziste ak mwen, mèsi paske w temwen m k ap kreye.
Pou yon 2024 nan limyè
🧡🦋🧡
#vanessajeudi#recap2023#voodoojazz#memories#fyp