🌍 Ado Ado yon eksperyans dijital🤭
M ofisyèlman konvèti Ado Ado ( https://t.co/Z2kW0svZBU ) an platfòm dijital 😊 ki fèt pou l enfòme, enspire epi konekte moun ak sa k ap make aktyalite yo, ak kilti epi inovasyon sesi ak resous nou😊 jan m te kòmanse l depi 2019 pou ateri an 2026, ou pral dekouvri vizyon ki te kache dèyè chak pòs m te konn pataje ak nou pou n te aprann pandan n te konn ap trip la😅
Ouvè https://t.co/Z2kW0svZBU sou laptop, tablèt, Telefòn w ap jwenn yon eksperyans inik nan chak aparèy sa yo
Sou Ado Ado, w ap jwenn:
Actualités • Entertainment • Musique • Espas Rap • Rap Info • Sport • Technologie • Culture • Éphéméride • À Savoir • Ado Ado
M kreye pou nou tou 🤖 Dony, asistan entèlijan ofisyèl platfòm lan, disponib 24/7 pou ede w jwenn atik, dekouvri nouvo kontni, konprann nouvèl yo epi navige sou sit la pi fasil. Se yon nouvo fason pou kominike ak enfòmasyon ( men atansyon w ka pa jwenn repons ankò si kredi m fini😆 donk si n vle ret la n a sipòte l)
https://t.co/Z2kW0svZBU
✨ Simple • Human • Evolving ✨
Pandan moman sa a kote #Hantavirus ap fè anpil aktyalite sou entènèt la 🦠, mwen te al chèche konprann kote non sa a soti… e istwa a vrèman enteresan.
Non an soti bò yon rivyè nan Kore di Sid yo rele Hantan River . Pandan Lagè Kore a (1950–1953), dè milye sòlda te konn atrape yon maladi misterye ki te bay gwo lafyèv, senyen ak pwoblèm ren, san pèsonn pa t konnen vrè koz la.
Se an 1976 syantis koreyen Ho-Wang Lee te rive izole viris la nan yon ti rat 🐭li te kenbe bò larivyè Hantan an . Se konsa li te rele li “Hantaan virus”, an referans ak kote yo te dekouvri l la.
Viris sa yo ka pase atravè pipi, poupou oswa saliv tras bèt sa yo. Pou pwoteje tèt nou: li enpòtan pou nou kenbe espas yo pwòp,pa bale pousyè nan kote ki gen siy sourit, ouvri fenèt pou lè antre avan netwaye, epi lave men nou byen🫶.
Ann pa pran sa pou jwèt!
#Hantavirüs
M gen yon pwòch mwen ki tap viv ti maryaj li byen pwòp
Bon jan lanmou ap koule,jiskaske yo vin nan ti diskisyon koup…
Dam lan dil yon pawòl, sa Dam lan di an tèlman grav, misye tou fe silans li kite kay la
malgre fi an montrel li regrèt sa, fanmiy li ak fanmiy fi an eseye di misye pase trè sou sa, poutèt timoun yo te gentan genyen an, Sa pa rive fèt…
Misye dim chak li anvi padone fi an, pawòl lan ret kwoke nan gòj li, li paka dijere l. Gen limit ki pa dwe franchi, gen pawòl ou pa di moun wap toujou bezwen.
Sa fè 7 lane depi yo divòse, misye dil pako janm ap pale ak fi an, menmsi se sou sijè timoun lan pou pawòl lan pa monte nan tèt li…
Donk se konsa, gen pawòl ou fin di paka gen retou annaryè sou li, gen pawol ou di anyen pap ka efasel. Jere limit yo enpòtan, lèw an kòlè evite al nan tak o tak ak moun ki enpòtan pou wou.