Jodi a se yon jou ki pote anpil lajwa nan kè m, Kabysh @Kabysh_ (men li pa aktif isit) ap pwopoze yon bèl eksperyans mizikal akoustik nan vil Montreal.
Kabysh, se youn nan pi ansyen zanmi m, nou konnen youn lòt depi lè n gen 5 lane, e depi lontan li te devlope yon lanmou patikilye pou mizik, soti nan premye ti teke nan gwoup rap nan zòn bò lakay la, pase nan koral SakreKè/Sen Lwi, pase nan gwoup mizikal lekòl la SLG Band, tonbe nan Ti-Lakòl rive jounen jodi a kote l ap fleri poukont li paske yon flè ka pouse oubyen atravè kokennchenn inisyativ kolektif GwoLobo a.
Mwen tèlman tris akòz lòt angajman mwen p ap ka la, men moun k ap gen chans pou viv eksperyans jodi a an dirèk ap rantre an kontak ak yon kalte travay san parèy, e pou lòt moun yo n ap ka viv entegralite travay sa nan pa lontan sou divès aparèy entelijan nou yo.
Eksperyans sa aprè midi sa nan Montreal se yon benediksyon ki soti anwo tou senpman paske nou di mèsi e lavi di ❤️❤️❤️❤️
Gwo respè pou @christmao22 ki travay anpil pou reyalizasyon zèv sila.
Le Conseil électoral provisoire a un nouveau porte-parole en la personne du journaliste Kenly Vilsaint.
Licencié en communication sociale, ce natif de fond des nègres traine derrière lui plus d'une dizaine d'années d'expérience dans le milieu médiatique haïtien.Kenly Vilsaint sera investi cette semaine dans ses fonctions selon les informations dont dispose la rédaction de Télégramme360. #telegramme360
Ou ta renmen konnen pouki rezon prezidan dominiken an Luis Abinader estomake konsa akoz kanal devyasyon kap konstwi sou rivyè masak la? Telegramme360 pote tout repons yo pou ou nan video saa sou istwa kanal la ak rivyè masak.
https://t.co/4EIxcz0T01
Sanpousan prèske 5M san video aprè 3 mwa. Kontinye vide grenn sab tande lèzòm, nou menm nou pap ka neye, se nou k gen gouvènay la..Sinyeeeee✍🏾
#NouRenmenZafem
Albòm LAS Zafèm nan se kareman yon rekèy powèm tèlman gen pwezi sou li. Soti nan Lalin ak Solèy, pase nan Le Plein, Dlo dous, jouk rive nan Enèji nou sanble, pwezi fè mikalaw. An pwoz oubyen an vè – rim plat, kwaze osnon anbrase, pawolye a fè chwa mo ak..
https://t.co/nPVLYOKOYI
Premye mizik mwen
Sou on vil ki wè m
Grandi anba je l
Pòtoprens ft @Kabysh_ nan on ti tan✨
Mèsi a @zazoubeats_ pou beat lan ak @im_k0l0 pou travay miksaj ak Mastering nan.🤞🏾
.
.
#Pòtoprens
Bienvenue félicité!
Granmèt la rich an bonte vre
Si l lakòz je m ak je w kontre
Men m nan men w m ap danse
Nanpwen pi bèl bagay ke sa...
#EnèjiNouSanble#Zafèm
Pwezi fè mikala w!
Si w ta mande m eksplike
Sa ki ban mwen konfyans sa
Mwen konn plas mwen te rezève
Anvan vyann te kouvri zo n kò n te mare
Enèji m avèk pa w sanble
Pa gen aza ni chans nan randevou womans
#EnèjiNouSanble#Zafèm
Nouveau coup de cœur 😍