Yon Lòt Ep
Yon Lòt Pati Nan Mwen
Yon Lòt Chapit Lavi m
Yon Lòt Wòch Nan Sòl La
Yon Lòt Akonplisman
I Am Strong
Se Non Dezyèm Zèv Mwen Ap Gen Pou m pataje Avèk Ou Byento
Map di Mèsi Ak Ou Menm Ki Te Deja Abò
Map Di Mèsi ak Ou Menm Kap Gen Pouw Rejwenn Nou Nan Wout Lan
Mwen pantan nan dòmi, revèy la di m li 3:33 nan maten, kè m ap bat kou tanbou petwo, mwen pase men nan figi m pou m siyé swè kap koule, gòj mwen sèch. Eske m gen dlo pou m bwè? Mwen fè yon elan pou m leve sou kabann nan, men kòm lou e pye m yo fèb, mwen blije chita pou m pa bite.
Kochma mwen sot fè a boulvèse m… men mwen refize bliye yon grenn detay.
Mwen wè pòtoprens tounen yon simityè san kavo, pa gen kote pou mete mò, mwen wè rigòl yo wouj ak san pèp la, mwen wè ti granmoun ki pou ta chita anba mapou ap rankonte nou listwa, se yo kap kouri pou lanmò ak ti pakèt sou do yo, mwen wè timoun ki pou te chita sou ban lekòl kap pote galil sou zepòl.
Mwen wè jenn fanm yap vyole, timoun yap lage nan dife, kay kap boule, katye kap masakre, mwen wè lavi ki pèdi siyifikasyon ak esans li.
Mwen wè pousyè, ak fatra dekore peyi a, mwen wè labou ak dlo santi kap louvri kò yo nan peyi a, mwen wè jaden yo blanch pandan do kamyon yo chaje kou Legba ak manje enpòte kay vwazen kap pwazonnen nou.
Mwen wè krèm peyi a kap kouri anba raje pou chape poul yo, kap mouri anba men mèsénè ki pwomèt yo yap janbe fwontyè.
Mwen wè geto yo tounen mòg, mwen wè katye Popilè yo abandone, mwen wè katye rezidansyèl yo dezèté, mwen wè lopital kap boule, lekòl ak bizins kap fèmen.
Mwen wè gouvènman kap penpennen tankou tout-Va-bien paske gen yon ajanda ke nou menm pèp nou pap janm konnen.
Mwen wè anpil,
Mwen wè twòp,
Mwen wè zòt kap pase nou nan rizib, fèmen baryè sou nou lè yo vle, fè nou Monte desann lè yo vle, ban nou yon grenn pwason lè yo vle olye pou ta montre n peche.
Paske yo konnen jou nou konn peche pou kont nou, nou pap bezwen zo lakay yo ankò!
Men tout fòt la se nou, nou “bilye kilès nou ye” nan vwa grann mwen. E yon pèp ki bliye Kiyès li ye ap repete listwa l, jouskaske l sonje.
Mwen pa menm reyalize sa, men yon ti dòmi pran m ankò.
Fwa sa li 6:06 am tou piti solèy la ap eseye foure je l nan fenèt ki bay sou chanm lan, mwen louvri je m dousman, kòmkwa mpa vle fè bri,
fwa sa se pat yon kochma men se te yon rèv …
Rèv mwen sot fè a apeze m e soulaje nan m mwen.
Mwen wè pòtoprens ki reveye, mwen wè bisantnè pwòp, Bri ti machann pòtay leyogàn yo te manke m, lari a tout koulè, monte desann nan bèl, timoun ki pral lekòl men nan men, boulgogo, barèt ak né nan tèt tifi, mwen kanpe ap Gade moun kap ri, kap bay blag.
Mòtye ap bwase gason vanyan ap bati kay, fanm vanyan ak panye sou tèt.
Kafe kap koule, ze peyi kap vann, sant bak fritay kap Pete tou nen’m, granmoun ki chita sou dodin yo anba galri ap fimen pip pandan yap fè ti koze, lopital ap fonksyone, pa gen fatra nan lari, tout moun konnen pou yo pa jete fatra nan tou rego ak rigòl, gen poubèl tout kote, tou rego yo netwaye e debouche, kidonk lè lapli tonbe dlo a pa fè dega oubyen monte ankò.
Kay yo pentire, leta tande pèp la, pèp la tande Leta.
Nou fè yon sèl.
Mwen wè wout vil pwovens yo fèt, yo mete kontwòl sou wout yo, chak 45 minit sou wout lwen yo, gen yon enstans sou wout la ke leta plase pou Peye 100 goud, e se 100 goud sa ki ap kontinye repare e pwòpte wout yo.
Mwen wè inivèsité ap fonksyone.
Mwen wè bwat leta yo ap fonksyone avèk diyite e rapidité, mwen wè moun gen asirans lavi ak santé nan peyi a, mwen wè gen travay, mwen wè touris rekòmanse antre nan peyi a, mwen wè jaden yo kap fleri mwen wè gouvènman ki sibvansyone plantè yo ak de seri de Gwo machin agrikilti pou fasilite travay yo.
Mwen wè jaden pwa, mayi,pititmi, diri, kann.
Mwen wè chan kafe, tabak, elatriye
Mwen wè elvaj bèf, kochon, kabrit, poul, kana, mwen wè zwazo ak papiyon retounen paske nou pa Koupe pyebwa ankò, mwen wè sous yo ki te seche retounen bay dlo. Mwen wè jistis blayi tout kote, se rezon ki bay jistis se pa lajan ankò.
Mwen wè myèl montre nou kote yo fè siwo, mwen wè tout moun respekte chwa ak dwa lòt. Mwen wè lavi rejwenn sans li.
Mwen wè anpil,
Mwen wè ase,
Men se jis yon lòt rèv nan yon kochma ki poutan reyèl.
Fatima Altieri,
23 fevriye 2025
-Ou se LIRISIS ke w panse w ye a
-Ou se RAPÈ ke w panse w ye a
-Ou se ATIS ke w panse w ye a
-Ou se GOAT ke nou panse w ye a
Randevou 24 desanm 2024 , 5 lane aprè , pou pi gwo albòm RAP 5 dènye ane yo !
😎
Maten an @DfiAyiti ak ekip li epate m nan space 31 minit #Eskal1 @PAPIWIL2TAN3, @PotentialMG317 ak @FranceErline74 t ap anime.
Sak te fè m pi kontan se lanmou misye t ap bay fanatik yo epi emosyon ki t ap degaje kay chak fan.
Fan yo montre yo prè pou fè #ESKAL1 an tou kanpe menm si se ta nan marengwen.
Gade gòl, gade gòl l, gade gòl !!!
Mwen se twazyèm track la m pi renmen sou #ESKAL1 an🤩✊🏿
#DèfTrèGran
#PMG™✓✓✓