Chak jou se yon nouvo opòtinite pou w rebati tèt ou,
Ou pa dèyè pèsonn, ou jis nan pwòp tan ‘w.
ou menm kap tann lan, se ou ki pral tounen temwayaj la. #Pasyans#KateMètrèsla
Gen moun ki pote yon espri pwisan dèyè yo. Chak fwa ou pale mal de yo, ou pa rann ou kont, men ou alimante fòs yo menm plis. Pawòl negatif ou yo vin tounen tankou yon bwa dife
Ke lespri yo itilize pou grandi pouvwa yo.
Lè ou wè moun sa ap monte, ap briye, ap atire benediksyon, se pa aza ,se paske chak jalouzi, chak move pawòl, chak konplo, tounen lwil sou flanm yo.
Sa vle di, gen moun ou pa ka fè mal, paske lespri yo retounen tout enèji negatif an benediksyon.
Yo se moun Bondye, zansèt, ak lwa pwoteje. Lè ou eseye rale yo, linivè leve pou defann yo.
Pa pale mal de moun ou pa konprann.
Paske pafwa, pandan w ap denigre yo, ou se menm moun k ap ogmante pouvwa yo san ou pa konnen.
#KateMètrèsla
Jodia m vle di’w
ou bezwen fè silans pou tande tèt ou ankò.
Tout bri, tout dout, tout opinyon moun yo… fèmen pòt yo pou yon ti moman.
Respire.
Pa kouri dèyè pèfeksyon ,chèche lapè.
Paske lè ou an lapè, lespri w ap klere, w ap konnen kiyès ou ye,
e w ap atire moun ak bagay ki fèt pou ou.
Chak maten, fè 2 minit silans ak gratitid.
Pa bezwen anyen espesyal jis di:
“M ap viv, m gen chans, e mwen merite lapè.”
Sonje: fòs ou pa nan bri a, li nan trankilite’w .
Pase bon jounen!
#kateMètrèsla
Jodi a, chwazi lapè olye laperèz.
Semèn sa a, fè tèt ou konfyans.
Ou pa dèyè pèsonn; ou sou wout pa’w.
Travay sou rèv ou chak jou, menm si se ti pa.
Tout sa w bezwen pou reyisi deja anndan’w ,se jis moman pou reveye pouvwa ki nan wou an.
Rete pozitif, priye, epi aji ak kouraj. Semèn nan ap pote bon nouvèl si ou ouvè pou resevwa yo.
#KateMètrèsla
New collection
Horoscope Oil Magic Flame by Kate se yon melanj espirityel ak natirel ki fèt espesyalman pou chak siy zodiac, koulè yo, e yo fèt nan jou pou yo fèt…
Chak boutey gen crystal sakre ki mache ak enèji siy ou a, ansanm ak herbs tradisyonèl ki pote pwoteksyon, pirifikasyon, ak balans,chans ak enèji pozitif pou leve esans ou •
Lwil sa a ka itilize pou meditasyon, rityèl, pou pase sou kow lè sa nesesè, sitou jou anivèsè’w
Pou konekte ak eleman’w,
Oubyen senpleman kòm yon odè sakre ki konekte ou ak fòs linivè a.
Se pa yon Iwil òdinè ,se yon fòs anplis
Se yon benediksyon!
Order #Now #preorder #organic #vegan #handmade #natural #crystal
#unisex #spiritualOil #HoroscopeOil
#goodenergyonly #potionbottle
Every drop is a secret of the universe… Horoscope Oil Magic Flame by Kate carries the vibration of your zodiac, connecting you to the stars to unlock luck, protection, and the mystery of your destiny.
Drop your sign ⬇️ I have something magical for you ♈♉♊♋♌♍♎♏♐♑♒♓ #HoroscopeOil #MagicFlame
Potay 999 nan demen madi kap 9 Septanm 2025 se pa sèlman yon lòt dat , se yon rasanbleman kosmik ki ra kote chif, enèji, ak fòs planèt yo vini ansanm. Twa nèf (999) vle di fen sik karmik yo epi li anonse nesans nouvo kòmansman ki gen anpil pouvwa ,yon pòt inivèsèl ki ouvri yon fwa nan plizyè dizèn ane.
Puiske li tonbe madi, anba enfliyans Hanuman ak Mas, li chaje ak fòs ekstraòdinè, kouraj, ak pouvwa pou koupe tout ilizyon. Pòtay sa a pa sèlman ogmante entansyon’w ,li bay estabilite ak dife nan tout sa w ap manifeste.
Se poutèt sa li enpòtan pou netwaye enèji kay ou nan jou sa a epi vizite yon Tanp Hanuman, paske sa mete ou an liy dirèk ak koule kosmik la. Sa ede w fini ak sa ki pa sèvi ou ankò epi fè w fè premye pa avèk kouraj nan sa k ap tann ou.
Demen pran ti tan pou medite, fè ti rityel
Konsèy pou Potay 999 (9/9)
-Evite diskisyon – Pa kite ti bagay fè ou pèdi lapè’w .
-Pa depanse san reflechi – Kenbe lajan’w pou bagay ki vrèman enpòtan.
-Pa twò reflechi ,evite strese.
-Sispann viv nan tan pase ,Lage doulè yo, se nouvo kòmansman ki devan ‘w.
#Mètresla
Magic Flame by Kate est ma marque spirituelle. C’est l’énergie, la force et la lumière que je partage pour aider les autres à travers mes services spirituels. Elle reflète qui je suis en tant que prêtresse, en tant que femme sacrée au service de ma communauté avec amour, sagesse, connaissance et mysticisme.
Magic Flame est ma flamme
une lumière qui vient des esprits et de mon être intérieur pour guider les autres.