@Def_analyticaht@JohnColemMorvan Bro m pap denigre la police ni krache sou efò yo men sak pale a gen sans ui le tout zam yo menm imedyatman bandi tire wap getan di la se bandi kap tire ui son pwen ou gen sou bandi yo la ui men si tout pa menm ou pedi ti avantaj sa ui
Fòk nou sonje tout moun ki te kont misyon Bukele ann Ayiti depi nan kòmansman, ansanm ak sa ki te chwazi rete an silans. Lè wout yo kòmanse libere, chèf gang yo tonbe, moun ka sikile san kè sote, nou pap kite menm moun sa yo vin selebre yon bagay yo te kont oswa yo pa t janm soutni. Nou pap bliye!
Bare yo!
Nan kad akò bilateral ki genyen ant gouvènman Ayiti ak gouvènman Salvadò a, yon operasyon konjwen ki te reyini Polis Nasyonal Dayiti, Fòs Lame Dayiti (FAd’H), Task Force la, ak Fòs Espesyal Salvadò yo reyisi pran kontwòl Estad Sylvio Cator a epi mete l an sekirite. Pandan operasyon an, nou te dekouvri plizyè zo tèt moun anndan estad la.
Kounye a, nou pral tabli yon baz operasyonèl nan estad la pou n ka kontinye avanse pi fon nan teritwa gang yo kontwole.
Kounye a, se nou ki gen avantaj sou teren an.
Mwen mande tout manm gang yo avèk anpil fèmte pou yo kite zòn nan anvan ofansiv la kòmanse.
Moun ki chwazi rete pou konbat fòs nou yo ap oblije sibi konsekans yo.
Ou gen dwa pa dakò ak metòd Bukele yo. Ou gen dwa enkyete w pou lavi inosan ki ka viktim nan operasyon kont gang yo. Se yon enkyetid ki lejitim.
Men, lè w ap denonse risk pou inosan viktim nan operasyon sa yo, pandan w pa janm mande bandi yo depoze zam, rann tèt yo epi sispann teworize popilasyon an, ou aji an pwotektè bandi. Ou nan gang nan tou.
Lavi inosan yo pa sèlman an danje lè fòs sekirite yo ap fè operasyon. Depi lontan, se chak jou gang yo ap touye, kidnape, vyole, dechouke moun lakay yo epi simen laterè nan mitan popilasyon an.
Yon moun oswa yon enstitisyon k ap pran lapawòl, k ap pibliye kominike nan non pwoteksyon lavi inosan, ta dwe gen menm fòs ak menm detèminasyon pou denonse egzistans ak zak gang yo, pou mande yo depoze zam, rann tèt yo epi reponn devan lajistis pou krim yo komèt.
Ou pa ka fè pwoteksyon lavi inosan tounen yon prensip ou defann sèlman lè se operasyon kont gang yo k ap fèt.
Nou kenbe pwomès nou…
Nou detwi kay Lanmò San Jou ak katye jeneral gang 400 Mawozo a.
Pifò ladan yo kouri ale san yo pa menm eseye goumen.
Ala lach yo lach! 🥲