Peyi Dayiti son w timoun ki leve tèt li bò lari pou kò l san paran. Lè lide l di touye li touye, lè lide l di l fè kadejak li fè l. Lè lide l di l fè bon timoun li fè bon timoun. Pa gen moun ki ka fè l wè yon rezon.
Nou al lekòl nou pa fòme
Nou chèf nou pa itil
Nou zanmi nou pa byen
Nou konn li nou pa konprann anyen
Nou gen mistik avèk nou
Men nou pa mistik
Nou pa menm gen foli sapibon nou gen foli towo.
Evite ti jwèt koken sa a
Lè yo bezwen fè w pèdi kontra nan yon enstitisyon, yo konn fè ekspre yo fè w fè 3 mois yo pa janm peye aprè ou fin bay yon sèvis. Se yon fason pou ka al joure osinon al lajistis ak yo... https://t.co/H5pHK6dr7U
Ti jèn Okay gen yon pwoblèm : yo pa renmen lè jèn parèy yo ap pete plafon. Si ide ya pa pou yo, sa pa entèrese yo. Yo chak kanpe nan ti kwen pa yo pe fè 2 gouden. Kou pou yo mete ansanm yo di w san m pa ale ak tifi saa, san m pa ale ak konpè saa.
Jou saa dwe rive pou nèg nan Sid kòmanse pwodwi se pa mache revann pou nèg Paup sèlman.
Jou saa pa lwen rive pou bò isi ya pwodwi miltimilyonè tou. Pou Okay tounen yon vil antreprenè # jou saa pa lwen...