@nitronitroni Bagay ki gade yon nèg ki kontinye jwe nan mondial sa mw m lave Menm, paske pa gen ti ekip se lè match fini pou kon sak soti favori se sou papye.
Jodi a, tankou milyon Ayisyen alawon Badè, mwen santi fyète ak lajwa ap ponpe nan tout venn mwen.
Nou gen privilèj pou n viv yon moman istorik.
Mwen pot ko fèt dènye fwa Ayiti te sou sèn sa a. Jodi a, m ap gade istwa sa k ap ekri devan je m.
Sa touche m plis toujou paske m ap viv moman sa a ak pitit fi m. Avèk fyète, n ap site non chak Grenadye. Avèk fyète, m ap di li : se yon fanm ki nan tèt Federasyon Ayisyèn Foutbòl la.
Okenn gòm, okenn baboukèt, okenn desizyon pa ka efase memwa Batay Vètyè a. Lespri viktwa sa a ap viv nan nou, tankou nan kouraj ak detèminasyon Grenadye yo.
Yo ka wete yon senbòl sou yon mayo, men yo pa ka retire li nan kè yon pèp.
Se jisteman nan moman enjistis yo solidarite nou grandi, epi flanm rezistans zansèt nou yo limen pi fò.
Se toup pou yo, epi se KOUP POU NOU!
Koup diyite, libète ak souvrènte yon pèp ki dwe toujou kanpe dwat pou di “Tout moun se moun”.
Jodi a, Mondyal pa nou an komanse.
E nan liv pa m, nou deja chanpyon! ✨🇭🇹🤍
#GrenadyeAlaso #Ayiti