Tan gen plis valè ke lajan:
-Ou konn konbyen lajan ou gen menw pa konn konbyen tan ki retew
-Ou ka byen itilize tanw pouw fè lajan, men lajan pap ka achte tan
-Tan pèdi pèdi nèt. Lajan pèdi ka tounen siw gen ase tan pouw travay
Pran tan pouw byen envesti tanw tankou se lajan
Menaj ou a sepa de moun kap tann ou fè yon fo pa pou yo posedel, pandansetan oupa menm konn valèl, tanpri serel fò nan braw bal afeskyon bal atansyon paske sil ale ou pap janm jwenn yon lòt tankoul. #Saintvilobed
Anne te pran yon premye baton li te vle pou sate rete an sekrè, moun kite mete pawòl la deyò a li te revokel, poukisa seli menm kounya ki mete pawòl li deyò? Poukisa depi sou premye baton an li pat revòlte? Lè moun nan te disa se yon byen li tap fè ou byen yon mal? #Saintvilobed
Chak moun fè pati gro kous ki gen nan lavi a, men ou pa dwe janm bliye ke sepa distans lan ki enpòtan, men se jan wap kouri a, jis pouw kapab rive a tan sanw pa bouke. #Saintvilobed
Pa janm chita kritike moun desa ou wè yap fè, ni desa ou wè yo fè ak pwòp kò yo sonje byen chak moun gen yon misyon pou ranpli avan yo kite ti bout tè sa, ou menm chwa paw se konsantrew sou tèt paw pou kapab jwenn rezilta wap chèche a. #Saintvilobed
Chak grenn moun sou tè sa gen yon misyon diferan, poukisa wap kopye yon moun ou pap ka depase? , poukisa wap kopye yon moun ou pap ka fè menm 1/4 nan sal fè? Aprann viv pou fè tèt ou plezi. #Saintvilobed