Ou Pat Sèlman Achitèk Kilti a,ou se te Sèvo Mouvans Hip Hop la Mesye Lance Afrika Bambaataa Taylor Mèsi,Chak Fwa Yon Nonm Sonje Ekzistans Hip Hop,wap kontinye Ekziste Nan Lespri ak kontinye viv Ekzistans ou Nan Vi Hip Hop La!
Nou Nan Mwa NOVANM,Pou Moun Kap Viv Hip Hop Sou Tout Sifas Tè Sa a,Se « Hip Hop History Month » Pandan Tout Mwa Sa a Nou Dwe Pale De Kilti a Ak Tout Sila Ki Te Kreye l yo Ki Fè Nap Viv Li Plis Pase 50 Lane Aprè
Se Nan Rakonte Istwa a Nap Rive Ka Touche Jenrasyon Fiti a.
@USEmbassyHaiti Nou Konn kay chak grenn pitit gason nou kale,nou se youn nan pwisans ki gen pi gwo sistèm ransèyman sou latè epi nap mande pou yon pèp San anyen ba nou enfo sou gang,men nou pa manke anpil tou papa,wap kouri dèyèm Lakay ou wap kouri dèyèm Lakay mwen
Anpil Move Bagay Te Pase Pou 2024 La Malgre Nou Te Swete li te yon bòn ane,Pou Ane 2025 Sa Nou Pa Konn Sa Lap Pote,menm Swete Nou Jan Hip Hop Toujou Pwone li a,se Lanmou,Lapè,Inite,Pataj elatriye,mwen pa pase isit la kèk tan menm pa kite isit la nonplis Peace and Love Tout moun !
Mwa Novanm Se Mwa Hip Hop,Ki Di Hip Hop Di Yon Mouvman Pozitif,Yon Kilti Ki Pwone Lanmou,Lapè,Inite,Solidarite,
Sante,Konba Kont Rechofman Klimatik,Kont Povrete,Pou Yon Aviwònman Sen,Fòme Tèt Nou nan Hip Hop Poun Itil Kominote a,Peace!
#HipHopHistoryMonth#HipHopClimateConference
@IguenolsonH Nèg Pa Istwa Sa Anpil Wi Nèg Pa,kit ou di Queens,Bronx,Harlem se de katye nan nan Nouyok ki bay Hip Hop nesans,bèsel,fèl grandi jis li vin granmoun
Lawrence Krisna Parker Tout Moun Konnen Sou Non KRS-One Se Yon Rapè Ameriken Ki Fèt 20 Out 1965 Nan Bronx Nouyòk,Yon Nonm Ki Kontribye anpil nan Sa Hip Hop ye Jodi a,Misye Se Teacha Hip Hop e Li Ekri pi Gwo Liv ki sèvi kòm Gid aprantisaj Hip Hop,THE GOSPEL OF Hip Hop,HBD Blast
Jodi a Fè Hip Hop 51 Lane Depil Pran Nesans,Depiw Ka Ap Pale De Hip Hop Non ou dwe Retni an 1erSe Clive Campbell A.k.a Dj Kool Herc,Yon Jèn Gason Plen Enèji Ki Bay Yon Mouvman Planetè Nesans,51 Lane Aprè Kontinye Ap Frape e Entegre Anpil Lòt Pòt,Peace,Love,Unity and Having Fun...
Istwa Tout Yon Mouvman 51 Lane Aprè: Se Te 11 Out 1973 Nan Vil New York,Bronx,1520 Sedgwick Avenue,nan Peyi Etazini ke Mouvman Hip Hop la te Pran Nesans Pa Dj Kool Herc Nan Yon Back To School Pou Ti Sè Li Cindy Campbell Epi Rès La Rete Pou Listwa,51 Lane Aprè Hip Hop nan J.O
Hip Hop ISTORIK:Pandan Hip Hop Pral Gen 51 Lane,Kanadyen Philip Kim Vini 1e Breakdancer Nan Mond Lan Ki Ranpòte Meday Dò Nan Yon Jwèt Olenpik,Meday Ajan an Se Dany Dann yon Fransè epi Bwonz lan Se Ameriken Victor Montalvo Ki Ranpòtel,Hip Hop Kontinye Ap Make ekzistans Etènèl Li.
30 Me 1961 Se Nesans Georges Lys Hérard,Yon Jeyan Nan Kilti Peyi Dayiti,Yon Moniman Nan Mizik Rap Nan Mond Lan,Yon Pyonye,Yon Grandmaster Nan Hip Hop,Nou vle pale De Grandmster Dji,Yon Lejand Pap Janm Mouri!!!
"Ke Volonte Hip Hop La Fèt Sou Tout Sifas Tè a,Espesyalman an AYITI!"
Bravo Pi Gran,pwochèn fwa pran plis tan pouw reflechi avanw aji,paske anpil fwa reyaksyon yo konn fè plis dega ke eskiz yo,ou te fèm mal kòm ti frèw em pami moun ki te blese yo,frèw Renmenw anpil @billyliveshow
Onè ak Respè!
Mwen vle pran yon ti moman pou mwen prezante ekskiz mwen devan tout antouraj mwen fi kou gason,patnè travay mwen, moun ki kwè nan mwen yo e ki toujou ap sipòte m. Tout moun ki toujou apresye inisyativ mwen yo. Mwen konnen gen yon limit mwen pat sipoze franchi paske gen bagay ki pa reflete moun mwen ye a,sa fè anpil moun pwòch mwen yo mal; men franchman, mwen te oblije reyaji paske mwen te bouke sibi asèlman ak presyon sou rezo Twitè a. Anpil nan nou ki ap swiv mwen ka temwaye sa. Mwen te santi m about.
Donk, ti nòt sa a se pou mwen di nou tout mwen vrèman dezole. Mwen kite dosye sa dèyè pou m kontinye avanse nan liy pa m, kontinye bay yon pi bon vèsyon de mwen e viv lavi an ak tout pozitivite li genyen.
Nou viv, nou aprann, nou konprann, nou tire leson.
Mèsi pou bon konpreyansyon nou chak!
BillyLouk (BillyLiveShow)
Depi lèm tap vin la,m te aprann isit la moun yo frajil anpil ladan yo,pou nenpòt ti blag yo rabourew pou sa mwen pat ale twò fò m pridan,M dekouvri plis bon bagay isit la ke lòt kote yo,map di kek fanmi Sou X la Kondi Bòzò,F and Me-Stair "Evite Moun Sa yo"https://t.co/aKTILGkbpV