Pwofesè James Boyard, nome kòm chèf kabinè Minis Defans lan, Mario Andrésol.
Ak anpil eksperyans nan refòm enstitisyonèl ak planifikasyon estratejik, @james_boyard, Enspektè Jeneral nan @pnh_officiel la resevwa fòmasyon nan peyi Etazini ak Lafrans.
Avèk kapasite epi nouvo responsablite sa, gen anpil atant sou evantyèl wòl politològ la pral jwe pou ranfòse kapasite Lame Dayiti ak mennen ak
restriktirasyon sektè sekirite a nan peyi Dayiti.
Nominasyon sa a antre nan efò Leta ap fè pou amelyore òganizasyon ak efikasite aparèy sekirite peyi a.@LuneActus
"Nan moman sa pa gen dan griyen ankò, pa gen jwèt, Jacques Ader enstale, batay la chanje," se ak deklarasyon sa komisè divizyonè an rantre nan fonksyon li, ayè samdi 13 Desanm 2025.
Nan diskou l, li rekonèt komisè Dumond t ap fè yon gwo travay, li pwomèt li pral fè plis ke sa epi twouve materyèl adekwat pou fè travay la.
Nan lespri lapolis demokratik inisye pa Robert Peel, komisè Ader di lapolis la pral fè yon sèl ak popilasyon an pou garanti sekirite popilasyon an.
"Pap griyen dan nan sa, tout nèg ki avèk nou dwe pwente fizi yo nan direksyon ènmi an", souliye nouvo DDO1 an.
Toutfwa li rekonèt ke batay la trike, gen trayizon men li pral fè esansyèl pou amelyore kondisyon sekiritè yo nan jiridiksyon Pòtoprens pou lavi tabli pou fasilite peyi a gen yon demen miyò.@LuneActus