Ki solisyon ak jèn nan kominote a ki an Ayiti ki kòmanse rantab nan trading men ki paka pwofite de reyalizasyon sa? Yo pavle moun panse yo nan g*ng , Yo oblije ap viv anba pay pandan yo finn sakrifye konbyen ane pou aprann yon konpetans ki finalman ap bayo lajan.
#DeblokePeyia
3 Konpetans ki enpòtan pou on jenn gason devlope lakay li:
- konpetans poul fè lajan
- konpetans pou jere lajan
- konpetans pou miltipliye lajan.
Pagen libète finansye san tou lè 3 ansanm .
3 Konpetans ki enpòtan pou on jenn gason devlope lakay li:
- Yon konpetans poul fè lajan
- Yon konpetans pou jere lajan
- Yon konpetans pou miltipliye lajan.
Youn pa ale san lòt.
Se pa crypto (bitcoin) ki scam nan; Se Volonte’w pou fè lajan fasil ki scam nan. Li fè’w pa respekte prensip bazik envestisman yo: 1) Envesti nan yon bagay ou pa konnen; 2) Envesti lajan ou pa pare pou pèdi 3) Envesti sou enfliyans ak emosyon. Yap Toujou bon sou ou !
Moun ki fè Ayisyen kwè yo ka rantab nan << binary trading>> nan pa diferan de moun kap kraze peyi a.
Platfòm ilegal, Broker ilegal, Ni SEC, Ni FINRA, Ni FTC, Ni IRS pa okouran de aktivite wap regle yo; Mete sousa broker yo pap kite’w retire lajan vre.
<< Kouri dèyè yon bagay ou finn pèdi ap fèw pèdi plis>> Se pi gwo leson Trading ka aprann ou. Eseye ratrape yon $500 ou finn pèdi ap fèw pèdi $1000/$1500 anplis.
16 zan lekòl ; Yo pa pran 30 minit pou aprann nou de lajan. Poukisa lajan pèdi/genyen valè; kimoun ki benefisye de chanjman sayo. Kijan poun sèvi ak lajan. Pandan lajan se yon nesesite nan mond nap viv la.
Ou panse se yon kowensidans oubyen sistèm edikatif la planifye sa?